Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Culture & Société

Yon refleksyon sou Lang Ayisyen an... Aprè mwen te fin li Atik Doktè Hugues Saint-Fort a

kreyolAnderon Dovilas --- Aprè mwen te fin li Atik Doktè Hugues Saint-Fort a, Mwen eseye repoze menm kesyon li te poze yo, yon fason pou mwen ka pataje yon refleksyon sou menm pwoblèm nan. Men yon premye kesyon li te poze : « Gen moun ki di piske lan peyi Lafrans, yo pale franse, lan peyi Itali, yo pale italyen, lan peyi Japon, yo pale japonè, ...poukisa nou pa rele lang yo pale ann Ayiti, ayisyen ? » Hugues St-Fort. Sa a se premye kesyon doktè a te poze nan atik li a, men mwen pa pral reponn ak kesyon sa a, m'ap selman di pou m' komanse.Tout lang se lang, men tout lang pa menm. Paske lè wap apwoche yon lang, kontèks Istorik li enpotan anpil, enflyans politik ak ekonomik peyi ki pale lang sa a enpotan tou. Ou pa ka pran yon peyi tankou Lafrans pou ou mete li nan menm kategori lengwistik ak yon peyi nan Karayib la. Wap twonpe nan analiz la, paske pwosesis Istorikolengwistik yo pa menm. Paske nan karayib la nou gen yon sitiyasyon lengwistik ki soti nan kolonizasyon dirèk (kote Metropòl la te yon veritab machin k'ap domine).

Poutan, peyi lang romàn yo te sibi yon kolonizasyon sosyokiltirèl, ki ta pral debouche sou yon konsyans lengwistik otonòm. Byen si, aprè kokennchen travay anpil entelektyèl konsekan te fè pou lang nan rive kote li ye jodi a (tankou ekriven la pleiade yo).Si n'ap sonje byen lang fransè a pat toujou rele fransè, n'ap sonje li te rele Dòk, Dòy. Sa kite oblije yo mennen yon politik lengwistik solid pou lang nan ranmase karaktè li. Epi pou pwoblèm varyasyon ki genyen nan lang fransè a, se menm nan tout lang. Se fenonèm sa a yo rele dyalèk la, kote tout ekstansyon demografik ak jeografik ak pwovoke yon varyasyon nan nenpòt lang. Se pou sa, politik lenguistik yo dwe mete lang nan opa, tankou estandadizasyon an se yon gwo poto. Se sa ki fè nou genyen li tou nan lang Ayisyen an, si nou ta pran pa egzanp Zòn Nò a an Ayiti, n'ap wè yo menm genyen yon pale espesyal yo rele Souribolid. Ki vle di, yon varayasyon se yon pale espesyal ki vle di lang pou sa. se menm pwosesis la pou tout lang.

An nou gade dezyèm kesyon an, pou nou avanse ak analiz nou an. Doktè a di : « Men poukisa nou pa dwe rele lang tout Ayisyen pale, ayisyen ? ». Nan paragraf sa a li bay anpil rezon, mwen dakò ak kèk nan lojik li a. Paske fason yo wè Ayisyen sou latè pa vrèman depann de lang li, se pito sitiyasyon politiko-ekonomik li ki fè yo mal wè li. Nan sans sa a, mwen vle di pito kijan Ayisyen yo menm wè tèt yo ? Paske refleksyon sa a chita sou jan etranje a wè nou sèlman. Eske nou pa tou kreye yon fason pou yo wè nou akoz jan nou fonksyone a, akoz jan nou menm nou wè tèt nou ? Eske pwoblèm ekonomik ak politik nou genyen yo pa gen yon kriz idantite tou deye li? Pou nou eseye reponn ak kesyon sa a, nou ta ka Di : « si nou ta pran pale sou pwoblèm Ayiti genyen, an verite nou pa t'ap fini ak atik la ». Nou t'ap jwenn twòp pou nou site ak twòp pou nou manyen. Men èske premye pwoblèm Ayiti genyen an se pa pwoblèm Ayisyen dabò. An jeneral, tout peyi ki soti anba kolonizasyon, premye pwoblèm yo dwe rezoud se pwoblèm idantite a, epi mete yon sistèm edikatif sou pye kote leta ka repwodui tèt li, lakay pa nou, n'ap naje nan pwoblèm sa a tèk tègèdèk. Lang nan se yon byen komen, sa vle di, li se yon enstitisyon ki soti nan yon konsensis kominotè. Nan sans sa, li danse kole ak idantite a. Yon lòt kesyon èske propozisyon pou chanje non lang Ayisyen an se yon fo deba ? N'ap kontinye poze kesyon jouk nou koupe kout met nan makout. Chanje non lang soti nan kreyòl pou rele li Ayisyen pap chanje esktriti lang nan, mwen pa kwè tou se nan nivo sa a moun ki antre nan deba a wè li tou. Paske, estrikti lang Ayisyen genyen jounen jodia lakoz anpil syantifik k'ap travay sou lang regade fonksyonman lòt lang si tou nan dimasyon mòfolojik la, teknikman li pap chanje anyen.

Poutan, ideolojikman l'ap pote anpil chanjman, pouki sa ? Paske konsèp yo pa inosans, paske yo parèt nan yon kontèks byen detèmine. Si n'ap pran mo « Kreyòl » la menm, pou nou komanse. N'ap wè mo a parèt ak tout distans sosyal li ladann, se te yon fason pou di kiyès ki fèt sou tè a, ak kiyès ki fèt nan koloni yo. Sa vle di pou yo pat melanje ras yo. Yon aksyon sa a totalman rasis, nou pa tap menm gade esklav yo nan premye apwòch. Ann kontinye ak kesyon distans sosyal la. Pou yo te mennen esklav yo nan koloni yo, yo te sèvi ak yon bato ki rele Negriye, se te yon bato komèsyal ki te la pou sa. Ki donk, yo pat menm vle melanje esklav yo ak komès yo. Lòt refleksyon nou ka fè toujou, se sou bato kite konn transpòte lidè kreyol yo, lide afranchi yo elatriye... pouki bato sa a te rele « Kreyòl » lè yo tap pral mete Tousen, lidè revolisyon Ayisyen an nan prizon se nan bato sa a yo te transpòte li an Frans tou. Si menm nan transpò, distans sosyal la te rete tennfas ou pa bezwen di pou mo sa a n'ap pote joune jodi a. Si n'ap gade nan kuizin, chak fwa yo di manje kreyòl, n'ap konprann yo vle di tou di manje ki soti nan Zòn kreyòl yo, sa fe yo pap janm melanje resèt yo. Si nou se Ayisyen pou ki rezon manje an paka rele manje ayisyen, èske li oblije genyen yon adjektif dèyè li. Nan sans sa, mwen di : « Si ayè nou te Kreyòl, jodia nou se Ayisyen », paske pèp nou an pa kreyòl kenn pep. « Lang nou an pa kreyòl kenn lang » menn jan Kesler Brezault di li. Nou pa dwe mache nan lojik pou nou jistifye konsèp ak kreyasyon pesòn.

Anderon Dovilas
Lingwis-Ekriven