Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Jeu08222019

Last update12:57:33 AM

hugues-saint-fort-banner620x182

Hugues Saint-Fort a fait des études de lettres modernes et de linguistique aux Universités de Paris III Sorbonne Nouvelle et de Paris V René Descartes-Sorbonne d’où il a obtenu un Doctorat de linguistique. Il a enseigné la linguistique et/ou le français à l’ile Maurice, puis à Queens College, City College of New York, Kingsborough Community College.
 
Ses intérêts de recherche portent sur la création lexicale en créole haïtien, le phénomène des alternances genèse du créole haïtien  et l’évolution de la littérature haïtienne dans l’émigration nord-américaine
Qui est le professeur Hugues Saint-Fort?

Dezyèm pati: Douz kesyon nou te toujou anvi poze sou kreyòl men nou pa te janm gen tan pou poze yo

kreyol

Dezyèm pati

Hugues Saint-Fort

K. Ki jan lang kreyòl yo fè parèt sou latè ? Ki kote lang kreyòl yo sòti ?

R. Lengwis ki espesyalize sou lang kreyòl yo pibliye anpil rechèch sou ki jan lang kreyòl yo te fè parèt. Lang kreyòl yo se yon seri lang ki relativman jenn piske se lan 17èm syèk la sèlman yo parèt sou latè. Anvan sa, pa te genyen lang kreyòl.

Pami tout teyori lengwis yo elabore sou orijin lang kreyòl yo, n ap kenbe 3 ladan yo :

  • Teyori lang sous (langues sources/langues substrat ; substratum languages)
  • Teyori lang sipèstra (langues superstrat ; superstratum languages)
  • Teyori inivèsalis

Teyori lang sous

Lide jeneral teyori lang sous yo devlope pati konsa : lang kreyòl yo parèt lè Afriken zansèt nou yo transfere estrikti lang matènèl yo lan lang ewopeyen yo t ap aprann lan, lan kondisyon esklavaj, yo t ap viv lan koloni yo. Youn lan premye lengwis ki te vini ak ipotèz sa a, se yon lengwis ayisyèn ki rele Suzanne Sylvain lan yon tèz li te defann an 1936 lan Inivèsite Sorbonne, an Frans. Suzanne Sylvain te soutni lan tèz li a ke kreyòl ayisyen se yon lang « ewe » ki te gen yon vokabilè franse. Lang « ewe » se yon lang yo pale lan lwès kontinan Afrik.

Lan ane 1990 yo, gen yon lengwis kanadyèn ki rele Claire Lefebvre ki te fè anpil rechèch sou lide sa a. Li te vini ak yon ipotèz li rele « relexification ». Lan yon liv li rele « Creole genesis and the acquisition of grammar. The case of Haitian Creole » (1998), Lefebvre esplike sa li rele « relexification ». Dapre li, se yon travay mantal Afriken yo te fè lan kreye nouvo mo kote yo te kopye mo ki te deja la lan yon leksik ewopeyen epi ranplase fonoloji mo sa yo avèk fonoloji ki sòti lan lang matènèl pa yo. Dapre Lefebvre, Kreyòl ayisyen se yon lang "fon" ke Afriken yo releksifye. Ann Afrik de lwès, yo rele "lang Fon" yon gwoup lang Afriken ki ap viv lan peyi tankou Togo, Bénin...pale.

Lefebvre te resevwa anpil kritik pou apwòch sa a. Pa egzanp, yon michan lengwis ki rele Salikoko Mufwene (Inivèsite Chicago) te avanse lide ke apwòch Lefebvre la pa te konsidere yon seri resanblans kreyòl ayisyen te genyen avèk yon seri varyete "non-standard" lang franse. Yon lòt kritik Mufwene te avanse sou tèz Lefebvre la, se ke lengwis kanadyèn lan pa te konsidere ke lan epòk kreyòl ayisyen t ap fòme lan Sen Domeng, te genyen plizyè lòt lang afriken (e pa sèlman lang "fon") ke yo te pale sou teritwa Sen Domeng lan.

Teyori lang sipèstra

Alòske teyori lang sous la defann lide ke se lang Afriken yo te pale sou kontinan afriken an ki alabaz lang kreyòl yo, teyori lang sipèstra a defann lide opoze a. Lengwis ki defann teyori sa a, se lengwis tankou Robert Chaudenson an Frans, osnon Salikoko Mufwene lan Etazini. Pa egzanp, Chaudenson distenge de (2) peryòd lan fòmasyon lang kreyòl ki baze sou franse.

Premye peryòd la se peryòd li rele « société d'habitation ». Li rele « société d'habitation » yon faz lan kolonizasyon an kote potko genyen anpil esklav lan koloni yo, epi te genyen plis kolon pase esklav sou abitasyon yo. Mèt ak esklav t ap viv ansanm, t ap travay ansanm malgre mèt yo te egzèse gwo dominasyon sou esklav yo.

Dezyèm peryòd la se peryòd Chaudenson rele « société de plantation ». Se yon lòt faz lan kolonizasyon zile franse yo kote vin genyen michan devlòpman « agro-industriel » pou kiltive sik, kafe, epis, kann..., Vin genyen lè sa a, anpil esklav lan koloni yo. Esklav sa yo t ap travay lan gwo plantasyon, yo t ap bati kay, wout, pò, pon. Te genyen de (2) gwoup esklav : yon gwoup yo rele esklav kreyòl ki te fèt lan Sen Domeng, epi yon lòt gwoup yo rele esklav bosal ki te fèt ann Afrik. Te genyen plis esklav bosal pase esklav kreyòl. Paske yo te fèt lan koloni a, esklav kreyòl yo te enpe pi abitye avèk lang franse kolon yo t ap pale a. Kolon yo te mete esklav kreyòl yo an chaj pou kòmande esklav bosal yo lan travay sou plantasyon. Se konsa esklav bosal yo vin aprann ti bout franse yo te aprann lan, alòske franse esklav kreyòl yo pa te pi long pase sa.

Donk, se esklav bosal yo (piske yo te pi plis lontan pase esklav kreyòl yo) ki pral kreye lang kreyòl ayisyen lè yo restriktire moso lang franse yo te tande lan bouch esklav kreyòl yo pou yo fòme yon nouvo sistèm lengwistik ki, malgre kèk resanblans li genyen ak franse, te yon sistèm otonòm ki diferan de franse.

Teyori inivèsalis

Se yon lengwis angle ki rele Derek Bickerton ki te vini ak teyori inivèsalis la. Bickerton te fè rechèch li yo sou kreyòl yo pale lan zile Hawaï, yon kreyòl plantasyon ki baze sou lang angle. Dapre Bickerton, timoun ki te fèt lan sosyete plantasyon Hawaï yo te kreye yon lang kreyòl gras a kapasite lengwistik yo fèt ak li ke Bickerton rele "bioprogramme". Dapre Bickerton, kapasite lengwistik sa a lakay tout kretyen vivan men lan sosyete kote timoun yo leve san yo pa jwenn yon modèl lang ki la deja pou yo swiv, timoun sa yo oblije pran lan kapasite lengwistik ine sa a pou yo kreye yon nouvo sistèm lengwistik.

Lè teyori sa a te fèk parèt lan kòmansman lane 1980 yo, anpil lengwis te travay sou li. Men, yo vin dekouvri te genyen anpil mank lan teyori sa a e te genyen anpil kritik lengwis yo vide sou li.

K. Lan lekti mwen fè, mwen konn rankontre mo « Kreyolistik ». Ki sa mo sa a vle di ?

R. Lan mo « kreyolistik », nou kapab wè genyen mo lengwistik ak mo kreyòl. Kreyolistik se sèvi ak lengwistik pou etidye lang kreyòl. Se yon disiplin inivèsitè ki byen chita kounyè a lan prèske tout gwo inivèsite peyi oksidantal yo (Frans, Etazini, Angletè, Brezil, Almay ...). Kreyolistik kòm disiplin inivèsitè te kòmanse devlope sitou lan peyi lang angle yo, lan Etazini sitou, kwak genyen lengwis ki pa te fin dakò nètalkole pou etidye lang kreyòl yo. Se vè ane 1960 yo etid kreyòl yo demare vrèman kòm disiplin inivèsitè. Lan Etazini, yon michan inivèsite tankou Massachusetts Institute of Technology (MIT) ki genyen youn lan pi gran lengwis ki egziste dan lemonn, Noam Chomsky, genyen tou yon michan lengwis ayisyen ki rele Michel DeGraff ki ap anseye ladan li. Mwen menm antanke lengwis, mwen retire chapo ba devan kokennchenn lengwis sa a. DeGraff se alafwa yon michan lengwis e yon michan lengwis kreyolis ki te gen kouray pou li demoli yon seri tèz odasye kèk lengwis te mete deyò a epi devlope pwòp pèspektiv pa li sou lang kreyòl yo.

Moun pa kapab fè rechèch sou lang kreyòl yo san w pa konnen syans lengwistik, san kwa se flè w ap voye. W ap pale men ou pa konnen sa w ap di. Ant ane swasant yo ak ane 2010 yo, genyen yon dividal liv, atik, rechèch dokimantè ki sòti sou lang kreyòl yo. Moun ki enterese sou lang kreyòl yo an jeneral, e sou kreyòl ayisyen espesyalman ta aprann anpil si yo ta li rechèch sa yo.

K. Eske gen diferans ant òtograf ak lang an jeneral, espesyalman ant òtograf kreyòl ak lang kreyòl?

R. WI. Genyen gwo diferans ant òtograf ak lang. Lang se yon sistèm règ ki lan sèvo tout kretyen vivan epi ki pèmèt yo kreye yon kantite fraz. Fason yon lang manifeste li se avèk son. Òtograf se fason nou reprezante son sa yo. Lan anpil peyi, nou sèvi ak lèt pou reprezante son sa yo. Lè sa a, lang lan tounen yon lang ekri. Men, majorite lang sou latè pa lang ki ekri. Sa pa vle di lang sa yo se lang ki enferyè lang ki ekri yo, piske moun ki pale lang sa yo posede tou yon sistèm règ ki lan sèvo yo e ki pèmèt yo pwodui fraz tou. M ap raple tout kretyen vivan fèt avèk yon kapasite ki pèmèt yo aprann lang, kèlkeswa peyi yo fèt la.

Menm jan avèk tout lòt lang ki egziste sou latè, lang kreyòl ayisyen se yon sistèm règ ki lan sèvo tout Ayisyen epi ki pèmèt yo kreye yon kantite fraz pou yo di tout sa yo bezwen. Menm jan ak tout kretyen vivan, Ayisyen fèt avèk yon kapasite abstrè ki pèmèt yo aprann lang kreyòl epi akeri sistèm règ sa a. Donk, òtograf kreyòl pa lang kreyòl. Se yon fason pou reprezante lang kreyòl.

K. Depi lane 1980, genyen yon òtograf ofisyèl pou kreyòl ayisyen. Ki jan nou te rive genyen yon òtograf ofisyèl?

R. Istwa òtograf kreyòl ayisyen se yon istwa ki long anpil men li enteresan tou. Kite mwen fè yon rezime li.

Depi sou tan lakoloni, yo te konn ekri an kreyòl. Men, òtograf yo te itilize a pa te yon òtograf sistematik. Yon lè, tèl mo te ekri yon jan epi apre, menm mo a te ekri yon lòt jan. Te genyen gwo dezòd lan fason moun te ekri an kreyòl.

Lan premye mwatye ventyèm syèk la, te genyen Ayisyen ki te vini ak kèk pwopozisyon pou yo chanje sa. Men, moun pa te tèlman prete atansyon a sa yo te di.

An 1942, te genyen yon pastè metodis ki te sòti lan peyi Irlande ki rele Ormonde McConnell ki te ale ann Ayiti pou li simen pawòl Bondye. Misye te bezwen ekri yon Bib an kreyòl. Li vin dekouvri ke òtograf kreyòl ayisyen te genyen yon pakèt fay ladan li. Se konsa misye vin pwopoze yon òtograf pou kreyòl ayisyen.

Òtograf McConnell la te baze sou prensip òtograf fonetik entènasyonal. Sa yo rele fonetik entènasyonal se yon sistèm fonetisyen te mete sou pye lan fen ane 1880 yo lan kontinan Ewòp pou moun ekri e pwononse nenpòt ki lang sou latè. Sistèm sa a te fonksyone ak senbòl espesyal ki te genyen menm valè a tout kote li parèt. Youn lan prensip de baz alfabè fonetik entènasyonal mande pou sèvi ak menm senbòl la pou reprezante menm son an nenpòt kote li parèt. Lan sans sa a li diferan anpil de lang tankou franse osnon angle kote nou sèvi ak diferan senbòl pou reprezante menm son an.

Etan li te ann Ayiti, McConnell te rankontre ak yon Ameriken ki rele Frank Laubach ki te enterese sou kesyon aprann moun li ak ekri. Yo de a mete tèt yo ansanm pou pwopoze yon nouvo òtograf pou kreyòl.

Men entèlektyèl ayisyen yo te dechennen sou nouvo òtograf sa a. Entèlektyèl ayisyen yo te kritike Laubach ak McConnell paske yo te panse ke mesye sa yo te sèvi ak alfabè lang angle alòske Ayiti se yon peyi frankofòn, dapre mesye sa yo. Dapre michan lengwis ayisyen Yves Déjean ki te ekri tèz doktora li a sou òtograf kreyòl ayisyen, men sa yon entèlektyèl ayisyen ki rele Charles-Fernand Pressoir te ekri sou òtograf McConnell-Laubach la : « l'orthographe de McConnell conviendrait à des « sauvages de l'Australie ou de quelque coin perdu », mais n'est pas de mise « dans un pays à traditions françaises »

Donk, Pressoir pwopoze pwòp òtograf pa li pou ranplase òtograf McConnell-Laubach la. Men, m ap fè remake pa te genyen gwo diferans ant òtograf Pressoir te pwopoze a ak òtograf McConnell-Laubach la ke Pressoir t ap kritike a. Prensipal chanjman ki te genyen lan òtograf Pressoir la, se kote li ranplase voyelles nasales kreyòl yo : an, in, on, ke McConnell-Laubach te ekri avèk yon aksan sikonflèks sou voyelle a, i, o, (â), (î), (ô) men ke Pressoir li menm ranplase ak yon « n ». Donk, vin genyen: an, in, on pou ekri vwayèl nazal yo. Lan kote n lan pwononse lè li parèt dèyè a, ak i, Pressoir te pwopoze pou mete yon trèdinyon. Egz. « pa-n » « vi-n ».

Òtograf Pressoir te dire pandan omwen 25 lane lan peyi a. Yo te sèvi ak li lan kanpay li ak ekri gouvènman ayisyen yo t ap fè. Epi te gen anpil michan ekriven ayisyen ki te sèvi tou ak li. Pa egzanp, se avèk òtograf Pressoir gwo ekriven ayisyen Franketyèn te sèvi pou li ekri premye woman ayisyen ki ekri nèt an kreyòl : Dezafi (1975). Se avèk òtograf Pressoir la tou antwopològ e istoryen ayisyen Michel-Rolph Trouillot te sèvi pou li ekri michan liv istwa ki rele « Ti dife boule sou istwa Ayiti (1977).

Se le 31 janvye 1980 Minis Edikasyon nasyonal Ayiti siyen yon dekrè kote li pwopoze yon òtograf ofisyèl pou kreyòl ayisyen. Moun ki te travay sou òtograf sa a, se te yon gwoup lengwis franse ki te fè pati Inivèsite René Descartes lan Paris, ansanm ak yon gwoup lengwis ayisyen ki t ap feraye lan IPN, lan Port-au-Prince. Òtograf ofisyèl la se yon òtograf ki sanble ak òtograf Pressoir la men li genyen kèk diferans avèk li. Genyen sis chanjman ant òtograf Pressoir la avèk òtograf ofisyèl la. Men yo :

1. Yo pa ekri a-n jan yo te ekri li lan òtograf Pressoir. Yo ekri: àn. Egz. Li an pàn.

2. Yo pa ekri i-n jan yo te ekri li lan òtograf Pressoir. Yo ekri : in. Egz. Machin lan bèl.

3. Yo pa ekri é jan yo te ekri li lan òtograf Pressoir. Yo ekri: e. Egz. Syèl la ble.

4. Vwayèl nazal in ekri kounyè a: en. Egz. Men bon zen.

5. Devan vwayèl, nou pa dwe ekri ou, nou dwe ekri w.

6. Devan vwayèl, nou pa dwe ekri i, nou dwe ekri y.

Chanjman sa yo parèt depi janvye 1980. Nou dwe respekte yo lè n ap ekri an kreyòl.

K. Ki sa yo rele "lang estanda" (langue standard) ?

R. Lengwis yo defini yon lang estanda tankou varyete yon lang ki genyen prestij lan sosyete kote yo pale li, ki genyen estati ki pi elve lan yon sosyete. Jeneralman, varyete sa a baze sou fason moun ki pi rich, ki pi edike, ki gen plis pouvwa lan sosyete a, pale. Se sa nou wè lan peyi tankou Lafrans osnon Langletè.

Yo sèvi ak varyete estanda a lan literati, lan radio, lan televizyon. Se ak li yo sèvi tou lè y ap ekri liv gramè, diksyonè, lè y ap montre timoun aprann lang yo lan lekòl, osnon etranje aprann lang ki pale lan peyi a.

Youn lan avantaj varyete estanda genyen lè li egziste lan yon sosyete se ke li pèmèt fè disparèt tout gwo diferans ki ta egziste lan fason moun pale lan yon sosyete, e ki ta kapab redui konpreyansyon tout moun lè youn ap pale ak lòt. Lang estanda redui varyasyon menmsi ap toujou gen varyasyon lan nenpòt ki sosyete kote moun ap pale.

Genyen lengwis ki kritike konsèp lang estanda paske yo di lang estanda fè pwomosyon varyete lang moun ki gen plis pouvwa, plis richès lan yon sosyete. Se pa fin manti nèt. Men, an jeneral, nou bezwen yon varyete estanda lan yon sosyete. Kounyè a, se wòl Leta lan sosyete a pou li konbat diskriminasyon ki sòti lan abi yon lang estanda kapab koze.

K. Depi 1987, kreyòl ak franse se 2 lang ofisyèl Ayiti. Éske se posib pou youn ladan yo disparèt yon lè ann Ayiti, e si sa ta rive, kilès ou panse ki ta kapab disparèt ?

R. Kreyòl se lang natif natal tout Ayisyen ki fèt epi elve ann Ayiti pale, depi lè yo tou piti. Se lan lang sa a yo di tout sa yo vle di. Genyen prèske 10 milyon moun ki pale li ann Ayiti, ak prèske 2 milyon lan dyaspora a. Mwen pa wè ki jan lang kreyòl ta disparèt ann Ayiti amwenske ta genyen yon kokennchenn tranbleman detè pi rèd pase sa 2010 la, ki pase lan peyi a epi ki disparèt tout kretyen vivan.

Lòt posiblite ki ta genyen, se ta pou tout Ayisyen ta sispann pale kreyòl. Men, mwen kwè se yon bagay ki pap janm rive.

Men, se yon bagay ki posib pou lang franse ta disparèt yon jou ann Ayiti. Mwen pa kwè se yon bagay ki ap rive omwen lan yon avni ki pwòch, sa vle di lan pwochen 60 osnon 80 lane yo. Men, se yon bagay ki posib. Nou kapab pran egzanp zile tankou Sainte-Lucie osnon Dominique.

Hugues Saint-Fort
Cette adresse e-mail est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser.

Premye pati: Douz kesyon nou te toujou anvi poze sou kreyòl, men nou pa te janm gen tan pou poze yo (Premye pati)