Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

hugues-saint-fort-banner620x182

Hugues Saint-Fort a fait des études de lettres modernes et de linguistique aux Universités de Paris III Sorbonne Nouvelle et de Paris V René Descartes-Sorbonne d’où il a obtenu un Doctorat de linguistique. Il a enseigné la linguistique et/ou le français à l’ile Maurice, puis à Queens College, City College of New York, Kingsborough Community College.
 
Ses intérêts de recherche portent sur la création lexicale en créole haïtien, le phénomène des alternances genèse du créole haïtien  et l’évolution de la littérature haïtienne dans l’émigration nord-américaine
Qui est le professeur Hugues Saint-Fort?

Douz kesyon nou te toujou anvi poze sou kreyòl, men nou pa te janm gen tan pou poze yo (Premye pati)

kreyol(Premye pati)

 Par    Hugues Saint-Fort                                                                       

K). Gen moun ki di piske lan peyi Lafrans, yo pale franse, lan peyi Itali, yo pale italyen, lan peyi Japon, yo pale japonè, …poukisa nou pa rele lang yo pale ann Ayiti, ayisyen ?

R. Bagay yo pa senp konsa. Lan peyi Kanada, yo pa pale kanadyen, lan peyi Senegal, yo pa pale senegalè, lan peyi Etazini, yo pa pale etazinyen, lan peyi Meksik, yo pale meksiken, lan peyi Bèljik, yo pale bèlj osnon bèljikyen…Dayè, menm lan peyi kote non lang lan koresponn ak non peyi a, reyalite lengwistik la pi konplike pase sa. Pa egzanp, sa yo rele lang franse a, se yon bagay ki « abstrè ». Sa ki egziste sou teren an, se anpil varyasyon lan fason moun pale, selon zòn jeyografik kote moun rete, selon klas sosyal kote moun sòti, selon laj moun genyen, selon etid moun fè…Anplis, Lafrans genyen sa yo rele « langues régionales », sa vle di yon seri lang ki sou teritwa a depi plizyè syèk epi moun kontinye ap pale yo toujou ; lang tankou « breton » moun pale an « Bretagne », lang tankou « occitan » moun pale lan sid Lafrans, lang tankou « corse » ki yon zile pa lwen Itali, lang tankou « picard » moun pale an « Picardie » ki se yon rejyon lan pati nò Lafrans…

Lafrans pa sèl peyi ki lan sitiyasyon sa a. Pwoblèm yo pi rèd toujou lan yon peyi tankou Itali kote genyen zòn jeyografik ki pale yon lang moun lan rès Itali pa konprann ditou. Donk, kesyon non yon lang pa yon bagay ki senp jan gen moun ki vle prezante li. Sa genyen yon istwa ki long dèyè li.

K ) Men poukisa nou pa dwe rele lang tout Ayisyen pale, ayisyen ?

R) Pou tout Ayisyen ki fèt epi elve ann Ayiti, lang yo pale ann Ayiti rele Kreyòl. Yo pa rele li, ayisyen. Genyen dezoutwa Ayisyen ki panse nou dwe efase non kreyòl la epi ranplase li ak non ayisyen paske chanjman non an ap fè moun chanje fason yo wè Ayiti sou latè. Men, se pa vre ditou. Fason moun pèsevwa Ayiti sou latè, sa pa depann ditou de non lang pèp ayisyen pale. Sa depann de sitiyasyon politik, osnon ekonomik ki lan peyi a. Tout moun konnen youn lan premye fason etranje yo dekri Ayiti, se : « peyi ki pi pòv lan emisfè oksidantal la ». Mwen pa janm tande yo di « Peyi kote yo pale kreyòl la ».

Chanje non lang lan p ap fè anyen pou sove imaj peyi a. Se sèlman lè Leta ayisyen va deside chanje estrikti sosyo-ekonomik peyi a ki rete prèske menm jan depi syèk, elimine gwo abi, gwo enjistis, mete travay ki pèmèt moun viv yon fason desan, ouvri lekòl ki ede jenn Ayisyen konprann pwoblèm veritab ki lan peyi a, epi travay kolektivman pou jwenn solisyon pou yo, fòme pwofesè tout bon vre pou sispann lekòl bòlèt kote elèv pa aprann anyen lan peyi a, se lè sa a imaj peyi a ap chanje.

K) Eske kreyòl se yon lang vrèman li ye, menm jan ak tout lòt lang tankou angle, franse, panyòl, alman ? Epi ki kote mo kreyòl la sòti ? Ki sa li vle di ?

R)  Pou nenpòt lengwis - lengwis se moun save ki ap etidye syantifikman langaj ak lang-  nanpwen oken dout ke kreyòl se yon lang menm jan ak tout lòt lang sou latè. Yon lang se yon sistèm son ki òganize yon fason presi (an lengwistik, yo rele sa « fonoloji » [phonologie, an franse ; phonology, ann angle]) pou fòme mo, pou mete kanpe estrikti mo (yo rele sa « mòfoloji » [morphologie, an franse;  morphology, ann angle]. Lè nou mete mo sa yo ansanm lan yon fason presi, nou vin genyen sa lengwis yo rele « sentaks » [syntaxe, an franse ; syntax, ann angle] ; sentaks yon lang se nannan lang lan, se li ki bay fraz lang lan, yon sans (yo rele sa « semantik » [sémantique, an franse ; semantics, ann angle]).

Lang kreyòl genyen toulekat eleman sa yo,  fonoloji, mòfoloji, sentaks, ak semantik, menm jan ak lang angle, lang franse, osnon lang panyòl. Se paske Ayisyen mete toulekat eleman sa yo ann aksyon ki fè yo rive kapab kominike youn ak lòt ; anplis, se menm bagay la tout moun ki pa Ayisyen fè pou yo rive kominike an kreyòl.

 Ki kote mo « kreyòl » la sòti ? Anvan ane 1600 yo, pa te ko genyen mo « kreyòl » la. Mo sa a parèt avèk kolonizasyon ewopeyèn nan,  lè Panyòl ak Pòtigè ki te premye kolonizatè yo deside fè yon distenksyon ant Ewopeyen ki fèt lan koloni yo ak Ewopeyen ki fèt sou kontinan Ewòp. Yo rele Ewopeyen ki fèt lan koloni yo, « CRIOLLO ». Lè Franse yo kòmanse antre tou lan zafè kolonizasyon an, yo vin fè mo « CRIOLLO » tounen « créole ». Okòmansman, se te sèlman moun yo te konn rele « créole » men  apre kèk tan, yo vin rele kreyòl tout bagay ki te sòti lan koloni yo : vin genyen kizin kreyòl, bèt kreyòl, manje kreyòl, plant kreyòl,…

Lontan apre sa, yo vin kòmanse rele esklav ki te fèt lan koloni yo, esklav kreyòl. Se konsa yo te rive fè separasyon ant esklav ki te fèt lan Sendomeng ak esklav ki te fèt ann Afrik. Esklav ki te fèt lan Sendomeng yo te rele « esklav kreyòl » alòske esklav ki te fèt ann Afrik yo te rele « esklav bosal ».

Lontan apre sa, yo vin rele « kreyòl », lang moun te pale lan Sendomeng. Men, se pa sèlman esklav yo ki te pale kreyòl. Kolon blan franse yo tou te pale kreyòl, Afranchi yo tou te konn pale kreyòl. Te genyen gwo pyès teyat ki te ekri an kreyòl ke aktè te konn jwe lan Sendomeng.    

K) Eske se ann Ayiti sèlman moun pale kreyòl ?

R) Non. Moun pale kreyòl lan prèske tout zile ki lan Karayib la e menm lan peyi ki sou teritwa Etazini tankou Lwizyàn konsa, e menm lan kèk peyi ki lan Amerik di Sid tou. Moun pale kreyòl tou lan yon seri zile ki lan Oseyan endyen, tankou « Réunion », « Seychelles », « Maurice », « Rodrigue ». Tout kreyòl sa yo baze sou yon lang ewopeyen. Se kapab lang franse, men se kapab tou angle, pòtigè, panyòl, osnon olandè. Se lang kreyòl ayisyen ki gen plis moun ki pale li sou latè, piske genyen 10 milyon Ayisyen  ann Ayiti ak 2 milyon Ayisyen ki lan dyaspora. Apre, se lang kreyòl jamayiken. Kreyòl ayisyen baze sou lang franse, men kreyòl jamayiken baze sou lang angle. Akoz de sa,  Ayisyen pa konprann  Jamayiken. Mwen dwe presize ke Jamayiken yo pa rele lang yo pale a, kreyòl. Yo rele li « patwa ». Alòske mo patwa a se yon mo franse pejoratif ki vle di yon fason pale moun ki pa konn li ak ekri, pale. An Jamayik, lengwis jamayiken yo ap mennen yon kokenn batay  paske anpil  jamayiken    pa vle tande pale kesyon pou yo aprann li e ekri an kreyòl.

K) Si kreyòl se yon lang vrèman li ye, poukisa pa genyen gramè ki montre nou ki jan nou dwe pale ak ekri « bon kreyòl » ?  

R)  Toudabò, yon gramè kapab deskriptif, sa vle di wòl li se dekri ki jan yon lang fonksyone, ki jan moun pale yon lang san pa gen okenn jijman valè sou jan moun pale lang lan. Sou plan sa a, genyen anpil michan deskripsyon lang kreyòl ki parèt deja.

Gen yon dezyèm fason yon gramè kapab ye. Li kapab yon gramè ki ap montre moun ki jan pou yo pale, li ak ekri. Lengwis yo rele kalite gramè sa yo, gramè nòmatif osnon gramè “preskriptif” (prescriptive). Gramè sa yo di nou men ki jan pou nou pale, men ki jan pou nou ekri.

Majorite lengwis yo pa ekri gramè nòmatif. Lengwistik se yon syans li ye. Li dekri yon objè. Li pa pòte  jijman sou  objè  a. Li pa antre lan zafè « bon kreyòl », « move kreyòl »… Pa egzanp, yon lengwis kapab dekri varyete kreyòl moun ki abite lan Nò  Ayiti pale. Men, li p ap janm pòte yon jijman sou fason moun lan Nò pale ; l ap konstate varyete moun pale lan Nò diferan pafwa de varyete moun pale lan Pòtoprens pa egzanp. L ap analize diferans sa yo, li kapab konpare yo ak lòt varyete moun pale lan peyi a, esplike ki jan  varyete  a rive jan li ye  a, men li p ap fè okenn kritik sou sa. Paske se pa wòl li kòm lengwis ki ap etidye lang.

K) Ki sa yon lang ye ?

R.  Genyen anpil fason nou kapab defini sa yon lang ye. Men, piske n ap pale sou lengwistik, ann defini sa yon lang ye sou plan lengwistik. Yon lang se yon sistèm ki genyen yon kantite limite règ nou itilize pou nou kreye yon kantite ilimite fraz ki fè sans pou moun ki konprann lang sa a. Lengwis yo fè yon diferans ant « langaj » [an franse, langage] ak « lang » [an franse, langue]. Sa lengwis yo rele « langaj », [an franse, langage], se yon kapasite « abstrè »  tout kretyen vivan posede depi yo vini sou latè. Se kapasite sa a ki pèmèt yo aprann an de tan twa mouvman san yo pa menm ale lekòl, lang moun ki ap viv kote y ap viv  la pale. Kretyen vivan pa fèt ak gramè yon lang lan sèvo yo. Men, yo pa bezwen aprann  lang matènèl yo. Yo akeri li dapre sa yo tande moun ki viv kote yo viv la ap di. Michan lengwis ameriken yo rele Noam Chomsky esplike ke done lang, timoun resevwa lan antouray yo pa sifi ditou pou pèmèt timoun akeri si vit yon sistèm si konplèks. Dapre Chomsky, se paske tout kretyen vivan fèt avèk yon aparèy byen konekte lan sèvo yo [Chomsky rele aparèy sa a « Language Acquisition Device »] ki pèmèt yo fè konklizyon, fè jeneralizasyon, fè dediksyon dapre sa yo tande moun ki ap viv lan antouray yo ap di. Chomsky rele sa « Gramè Inivèsèl », [« Grammaire Universelle », an franse], [« Universal Grammar, » ann angle]. Dapre Chomsky, se gras a Language Acquisition Device la ki fè lan tout peyi sou latè, nenpòt timoun ki gen 3 osnon 4 lane rive pale epi konprann rapidman lang moun ap pale lan sosyete kote l ap viv la.                 

Fen premye pati atik sa a

Hugues Saint-Fort       

Dezyèm pati:Douz kesyon nou te toujou anvi poze sou kreyòl men nou pa te janm gen tan pou poze yo