Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Economie

Ti Pyè poze ! Kite Peyi m Mache tande, ou Mache Kite peyi a

patrick alexis tout haiti 300

KPM ou MKP ?

Ti Pyè rentre nan travay li en Juin 2000 kom Comptable Junior ak yon Salaire Mensuelde 20,000.00 Gdes  a lepok $ 1.00 Us = 19.35 Gdes sa vle di Ti Pyè tap touché $ 1,034.00 US

En Juin 2010 , Ti Pyè pran Promosyon li vin Comptable Senior yo mete 10,000.00 Gdes sou Salaire li donc Ti Pyé ap touche konya yon Salaire Mensuel de 30,000.00 Gdes a lepok $ 1.00 Us = 39.85 Gdes sa vle di Ti Pyè vin ap touché $ 752.00 Us

En Juin 2020 , Ti Pyè pran yon lot Promosyon li vin Comptable en Chef yo mete yon lot 10,000.00 Gdes sou Salaire li donc Ti Pyé ap touche jodia yon Salaire Mensuel de 40,000.00 Gdes donc  $ 1.00 Us = 120.00 Gdes sa vle di Ti Pyè ap touché jodia  $ 333.00 Us

Eske nou we de 2000 a 2020 , 20 ans apres Ti Pyè soti de $ 1,034.00 US a $ 333.00 Us malgre 2 Ogmantasyon Salaire. . .

Mwen swete nou we e konpran.n kijan pouvwa dacha Ti Pyè ap fe gwo back

Mwen swete nou we e konpran.n a ki rythme Ti Pyè ap pran gwo Frappe Economique nan poche li


Kité Peyi.m Maché ou Maché Kité Peyi.a ?


Patrick Alexis
Cette adresse e-mail est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser.

NDLR: Tout Haiti chwazi pibliye tèks sa san nou pa edite li.