Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Economie

Economie 101 - Mango Fransik, Le consommateur est rationnel ?

2mango meksiken fransik

Mango Fransik fèk pran yon kou terib la a ..

2 mango  Fransik pou $4 dola, yon bwat ki gen 10 mango Meksiken pou $6 dola.

Depi ane pase mwen te leve kanpe kont pri mango Fransik kap plede monte  disèt otè nan bak machann nan  Long Island New york.

Ane sa a, anvan menm ke premye Mango Fransik la andyoze m, mwen te deside eseye kèk lòt kalite mango ke mwen te konn koupe kout zye lè map pase avèk bèl bwat mango Fransik mwen byen serye anba bra mwen.

Premye eksperyans mwen an koumanse avèk yon mango men grosè ki soti nan peyi Meksik. Mwen pran kouraj mwen ak 2 men epi mwen lage premye kout dan an tyap, Tout lide m di m, mwen pral lage mango a atè, kouri pase dlo nan bouch mwen epi kouri al fè yo fini avek mwen pou mwen achete yon bwat mango Fransik.

Premye kout dan, dezyèm kout dan, lè mwen reyalize ke map kraze po mango a mwen di tèt mwen li pral gen yon ti gou anmè ke mwen te jwenn nan yon fo mango Fransik ki te soti Florida.Oh, oh, se pa sa di tou... se kanpe mwen kanpe pou mwen pat vale po mango Meksiken an ...

Mwen Fini pa reyalize ke mwen ka achete mango Meksiken an nan plas Mango Fransik ki soti Haiti a san pwoblèm e a la rigè si mwen tap achete 10 kès mango pou ane a map achete 8 Kès mango Meksiken et peut etre yonn ou 2 kès  Mango Fransik pou mwen pa fini bliye gou a nèt.

Wi mwen achete mango Fransik paske mwen soti Haiti e mwen panse li pi bon sou mache mango a pa bò isit. Men, lè pou yon ti kras diferans nan gou a 2 grenn Mango Fransik pou $4 dola e 10 Mango Meksiken pou $6  tout moun nòmal ap chwazi mango Meksiken e pa bliye se pa Haitien sèlman kap manje mango e nan tèt yo  manje yon "bon Mango" egal ak manje mango Fransik.

Antan ke yon gwo fanatik mango, mwen rive a konklisyon ke Si Nèg Haiti yo, pa ogmante pwodiksyon mango a pou yo ka desann pri kès mango Fransik la, gen konpetisyon ki ka fè yo pap menm  achete mango an Haiti ankò.

Sa ta rèd pou Haiti ta pèdi avantaj sa a ke li genyen sou lòt peyi tankou Saint Domingue ke mwen tande ki koumanse plante mango an gran jan a l'echelle industrielle.


PM
NY 16 Juillet 2020