Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

4 Juillet 2019 : Le discours de l’ Ambassadrice Américaine en Haiti Michèle Sison est immoral d’après André Michel du Secteur démocratique

Michèle Sison-Chung-with-Pres-Moise-1Jovenel Moise et ses supporteurs - Michele Sison Ambassadrice Americaine et Julie Chung Sous-secretaire adjointe Principale (PDAS)

Tout Haiti vous présente la réaction de Me André Michel au discours de l’ambassadrice Américaine accréditée en Haiti Michele Sison à l’ occasion de la fête de l’indépendance Américaine. Nous soulignons que Me Andre Michel est l’initiateur et avocat de la partie civile dans le dossier de la dilapidation des fonds de PetroCaribe et fait en même temps office de du porte-parole du secteur démocratique et populaire.

Et Me Andre Michel de dire «  Non non Madam Lanbasadris, Nou pa ka negosye ak Jovnel Moyiz, Nou pap ka kowabite ak Jovnel Moyiz. Nou pap ka pataje pouvwa ak Jovnel Moyiz. Nou pap Bay pèp la koutkouto nan do Â» --- Yo pa negosye ak vòlè. Yo pa negosye ak moun ki nan koripsyon

Tout Haiti vous invite à prendre connaissance de la totalité du Texte :

Nou pa dakò ak diskou anbasadris amerikèn nan, Nap kontinye batay, Nap kontinye mobilize.

Nan okazyon fèt peyi Etazini 4 jiyè a anbasadris amerikèn nan fè yon diskou kote li mande plizyè fwa pou opozisyon an chita ak prezidan Jovnel Moyiz pou rezoud kriz Politik kap boulvèse peyi a. Diskou sa a pa nòmal. Diskou sa a imoral.

Nan peyi Etazini lè yo pran yo moun nan Sak pa sa, sèl sa yo di w se pran avoka pou w ale defann Tèt ou lajistis. Jodi a Jovenel Moyiz dwe ale douvan lajistis pou li defann Tèt li tankou tout sitwayen e tankou sa fèt nan tout Peyi Ki gen moralite, Kote moun respekte enstitisyon , Kote moun respekte lalwa. Menm jan avèk Lèzetazini peyi dayiti siyen konvansyon nasyonzini kont koripsyon Kote Nou pran angajman pou nou konbat koripsyon ki se yon krim transnasyonal. Jodi a pi gwo revandiskasyon pèp Ayisyen an se Pwosè dosye PetroCaribe a.

Jodi a koudèkont konfime Jovnel Moyiz patisipe nan vòlè plis pase 4.2 milya dola ameriken lajan PetroCaribe a. Jodi a se tout pèp la ki mande Jovnel Moyiz demisyone pou li kapab ale douvan lajistis. Nou pa ka negosye ak Jovnel Moyiz Apre rapò koudèkont la . Yo pa negosye ak vòlè. Yo pa negosye ak moun ki nan koripsyon. Nou mande anbasadris amerikèn nan pou li konprann sa .

Negosye ak Jovnel Moyiz se krache sou rapò koudèkont la, se banalize rapò koudèkont la . Nou pa ka fè sa. Nou pa ka bare yon moun nan vòlè epi pou nou jwe ak sa. Anbasadris la dwe konnen se pa politisyen kap mande Jovnel demisyone sèlman, se tout Peyi a kap mande demisyon Jovnel Moyiz. Nan kesyon vòlè lajan PETROCARIBE a se Pèp la ki viktim. Se Pèp la ki pa Gen dlo. Se pèp la ki pa Gen lopital. Se pèp la ki pa Gen kay pou li rete. Se pèp la ki pa Gen Lekòl pou mete Pitit li . Se peyizan ki viktim. Se Fanm yo ak jèn yo ki viktim.

Lajan PETROCARIBE a Se lajan pou te devlope peyi a yo vòlè. Lè mwen koumanse Pwosè PETROCARIBE 29 janvye 2018 apre rapò Senatè yo, lè sa a pèp la pot ko antre batay la . Apre plis pase 12 mwa batay, mobilizasyon, sansibizasyon tout kalte, Jodi a se tout Peyi ki vle pwosè PETROCARIBE a fèt. Pa Gen manti nan sa . Mwen te toujou di li Map redi li ankò, pap janm Gen pwosè PetroCaribe toutotan Jovenel Moyiz sou pouvwa a paske vòlè pa konnn Jije vòlè. Nou dwe kontinye batay, Nou dwe kontinye mobilize jouk Nou Jwenn demisyon Jovnel Moyiz.

Non non Madam Lanbasadris, Nou pa ka negosye ak Jovnel Moyiz,Nou pap ka kowabite ak Jovnel Moyiz. Nou pap ka pataje pouvwa ak Jovnel Moyiz. Nou pap Bay pèp la koutkouto nan do. Nou pap bay dyaspora a kout kouto nan do paske dosye PetroCaribe a se dosye dyaspora a. Dyaspora a batay anpil pou dosye a rive kote li ye a . Nou pap Kraze batay jèn yo.                                                        

Nap kontinye goumen pou yon lòt peyi, pou yon lòt Sistèm.                                                                                                                                                                  

André Michel, Avoka,
pòt pawòl sektè Demoktatik Popilè a