Actualités

Referandòm Aprè Nou Se Nou

referandum apre nou se nou

 

KOZE DEVAN PÒT

JEN 2021 ---  Pèp ayisyen anndan kou deyò peyi a leve kanpe kont referandòm Jovnèl tanmen pou l antere konstitisyon 87 la. Pèp Ayisyen an klè Pwojè Referendòm nan se ajisman makout divalyeris /apre nou se nou k ap chèche anile tout gany pèp ayisyen an te fè nan batay 86 apre li te finn kaseren diktati Divalye yo. Nou gen prèv ak deklarasyon aktyèl minis enteryè a Gonsague Edner Day lè li fè konnen: « Tankou mwen toujou di l, mwen se youn nan premye viktim konstitisyon sa a, paske an 1987 lè nèg yo mete atik 291 la ladan l, vu ke papa m se te yon divalyeris yo klase kòm makout, mwen menm depi lè sa a map pote non makout mwen. Mwen pote l fyèman ».

Deklarasyon sa yo demontre aklè pwojè makout yo pou peyi a pa chanje malgre tout moun dakò divalyeris la se lamò ak mizè sèlman li pote pou peyi a. Konsa yon prezidan ki deside vyole yon kontitisyon pou l ka antere l pi byen mete ak yon minis enteryè ki finn wè mò nan simaye kraponnay se yon lamayòt pèp ayisyen abitye wè sou Channmàs, nou pa pè l!

Sepandan, si Jovnèl rive mete kanpe yon referandòm pou l chanje konstitisyon 87 se paske politisyen ki nan lopozisyon an pa janm leve ti dwèt pou yo defann konstitisyon 87 la. Yo tout dakò konstitisyon 87 la merite chanje paske li se yon pwoblem. Se sa ki eksplike matlòt politik Jovnèl yo toujou fè konnen youn nan priyorite yo se konvoke yon asanble Konstitiyant pou yo kale yon nouvo konstitisyon lè yo finn mete do Jovnèl atè. Konsa konplo pou antere konstitisyon 87 la se pwojè tout yon klas poliitik ki derefize admèt se pèp ayisyen an ki dwe poto mitan demokrasi a nan peyi a.

Renouvo Demokratik toujou rele chalbari dèyè tout politisyen kap fè konstitisyon 87 la tounen yon jwèt lamayòt paske li garanti dwa ak libete, trase wout pou desantraliszasyon epi chante lantèman zafè prezidan tou pwisan. Konsa, Renouvo Demokratik bàt bravo pou pèp ayisyen an ki leve kanpe pou l rele: «  Aba Referandòm, Viv Demokrasi ”:. Sepandan, Pèp Ayisyen an dwe rete vijilan. Anpil nan politisyen ki kont Referandom Jovnèl la gen menm plan ak li pou yo retounen ak yon prezidan tou puisan pou yo bay sistèm miwo miba yon ralonj. 

Dokiman sa a gade Pwojè Konstitisyon Jovnèl la nan nannan l : Konstitisyon ak Referandom Jovnel la se yon pwojè makout). Answit,nou konpare  pwojè  Jovnèl yo ak lide lòt politisyen klàs mwayèn yo sou zafè konstitisyon 87 la : Referandòm apre nou se nou/ jovnèl la se pa premye, ni dènye konplo kont konstitisyon 87 la. Sa pemèt nou dekouvri: Konplo kont konstitisyon 87 se yon konplo pou kenbe pèp Ayisyen  aleka nan zafè peyi l . Boutofen,  nou fè Pwopizyon pou wete  peyi a  nan kriz toutbonvre. 

 Renouveau Démocratique

Les Dernieres Nouvelles

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

  1. I.KONSTITISYON AK REFERANDOM JOVNEL LA SE YON PWOJE MAKOUT.

 

Pwojè Konstitisyon Jovnèl la ap chèche bay yon leta makout jarèt nan peyi a. Sektè divalyeris ki gen mayèt pou vwa nan men l jodya kwè se nan voye baton ak anile libète lap kapab rezoud kriz peyi a Sa pa etone nou lè nou sonje makout ak demokrasi se lèt ak sitwon. Konsa, Konstisyon Jovnèl la :

  1. 1.Retounen ak yon prezidan tou pwisan plis yon vis prezidan ( epi ak pòs premye minis la( atik 134, 141-157)
  2. 2. Kraze chanm sena a (atik 99), epi limite pouvwa chanm depite a (atik 117, 129, 151)
  3. 3.Remete lame Dayiti kanpe (atik 216)
  4. 4.Aboli anpil nan pwoteksyon ak libète yon sitwayen genyen tankou entèdiksyon pou pouse do Ayisyen ale nan egzil.
  5. 5.Aboli Asanble Kolektivite Tèritoryal yo ak Abandone zafè desantralizasyon an (atik 249, 254)
  6. 6.Lakou dèkont pèdi tout eskanp li. Dilapidè ak petrovòlò pa bezwen dechay pou yo kandida,
  7. 7.Elimine tout pinga pou dikatè : Yon prezidan ka fè de (2) manda swivi swivi (atik 136), epi li ka chanje konstitisyon lè li vle epi benefisye chanjman sa yo ( atik 267-268).

Tout dispozisyon sa yo se bonjan prèv pouvwa PHTK ak alye makout li yo fè yon move rèv pou yo remete pèp ayisyen nan chenn diktati yon lòt fwa ankò. Se byen konte, mal kalkile. Pèp ayisyen pap tounen bwè vomisman l. Ak leve kanpe 86 yo plis konstitisyon 87, pèp ayisyen te ekri youn nan pi bèl paj nan listwa l lè li te voye diktati divalye yo jete nan poubèl listwa pou l anbrase demokrasi. Jodya, sa pèp Ayisyen ap mande se jistis, ak plis demokrasi pou l viv nan lapè ak nan byennèt.

 

  1. II.REFERANDÒM APRE NOU SE NOU/ JOVNÈL LA SE PA PREMYE, NI DÈNYE KONPLO KONT KONSTITISYON 87.LA.

Pèp ayisyen an pase alaksyon pou l fware referandòm Jovnèl la poutèt li pap rezoud pwoblèm sekirite , mizè, grangou ak travay li genyen. Poutan lopozisyon pase pran m, ma pase chèche w la, li mem tou li pa danse kole ak konstisyon 87 la . Menm jan ak Jovnèl, yo ta renmen efase tout gany pèp ayisyen te fè nan batay 1986 yo. Nou gen prèv nan pawòl ki sòti nan bouch politisyen sa yo menm.

Anpil nan swadizan pwopozisyon sòti kriz nan peyòd peyi lòk la toujou prevwa yon asanble konstitiyant ak yon nouvèl Konstitisyon .

Mete sou sa, Depite Jerry Tardieu te pwopoze 30 pase men (amandman) pou refonde nasyon an ak yon nouvèl Konstitisyon. Anpil lide ki te nan pwopozisyon Tadye yo jwenn plas yo nan konstitisyon Jovèl la tankou : chanje regim politik la pou retounen ak yon prezidan toupuisan , aboli pòs premye minis la, mete yon prezidan ak yon vis prezidan alatèt peyia, aboli asanble kolektivite tèritoryal yo, elimine zafè desantralizasyon, chanje fason pou yo amande konstitisyon, elt..

Lò pwojè Tadye a te parèt, Renouvo Demokratik te di : « retounen ak yon prezidan toupuisan se louvri pòt pou diktati ». Jodya, pwojè referandòm ak Konstitisyon Jovnèl yo fè nou wè klè kalte konsekans malouk pwojè sasinay konstitisyon 87 la ka genyen pou demokrasi nan peyi a.

Sou bò pa l , ansyen Prezidan Privè pran pozisyon kont referandòm Jovnèl la nan yon tèks  li mete deyò nan jou ki sòt pase yo, men li ekri : « Genyen yon konsansis nasyonal pou pase men nan konstisyon 87 ».Konsa, konsansis nasyonal ansyen prezidan Privè wè ki genyen pou chanje konstitisyon 87 se pito yon konsansis nan mitan tèt mato kap dirije yo (pouvwa ak lopozisyon ) pou yo kontinye kenbe pèp Ayisyen aleka nan zafè peyi l pou anpeche l rezoud pwoblèm peyi a nan avantay majorite moun kap viv ladan l . Politisyen tradisyonèl yo derefize konprann sa pèp ayisyen an ap mande se plis demokrasi poul ka viv alèz nan yon peyi ki granmoun tèt li.

III.         KONPLO KONT KONSTITISYON 87 SE YON KONPLO POU KENBE PÈP AYISYEN ALEKA NAN ZAFÈ PEYI L

Eskanp pwojè konstitisyon Jovnèl la se retounen ak yon prezidan toupuisan, epi  kenbe Repiblik Pótoprens la tennfas. Alòske se sèlman 25 sou 100 Ayisyen ak Ayisyèn kap viv nan Pòtoprens, majorite biwo leta ak  sèvis piblik yo konsantre nan Pòtoprens. Mete sou sa, 80 sou chak 100 goud leta depanse rete nan Pótoprens sèlman.  Anwetan defansè sistèm nan, tout moun dakò nou pa kabab bati yon Ayiti demokratik epi  san fos  kote san nou pa kraze repiblik Pótoprens la. Konstitisyon Jovnèl la di lekontrè ! Fòk nou sonje Repiblik Pótoprens la se pitit lokipasyon militè Meriken nan lane1915 ki tap chache kontwole mouvman popilasyon an dekwa pou l te ka  kontrekare mouvman rezistans peyizan yo. Kidonk, lò zafè peyi a te pi bon, pat gen Repiblik Pótoprens la. 

Nan menm kout kat la, konstitisyon Jovnèl la disparèt tout kanal patisipasyon ak  dezantralizsyon tankou Asanble seksyon kominal, Asanble Minisipal, Asanble Depatmantal ak Konsèy tout Depatman yo ki te genyen nan konstitisyon 87 la Pa egzanp, ak Asanble Seksyon Kominal yo , peyizan kap viv andeyò te kapab kontwole travay otorite kap dirije seksyon an epi bay  dizon yo sou bidjè seksyon an. Yo te kapab tou delege moun nan Asanble Minisipal pou al founi nawè yo gade jan Majistra kominal yo ap mennen bak komin nan. Malgre Jovnèl pa janm rate yon lokazyon pou l di li se peyizan, konstitisyon l la wete  dwa peyizan  te genyen pou yo patisipe ak kontwole zafè peyi yo. Malerèznan pou Jovnèl ak lòt konplotè yo peyizan Ayisyen se wozo, yo ka pliye, men yo pap kase. 

IV.         TWA PA POUN WETE PEYI A NAN KRIZ

Konplo makout ak rès politisyen tradisyonèl yo pou antere konstitisyon 87 la demontre karebare politisyen tradisyonèl yo se lalozè kap vire an won.

Nan 50 dènye lane ki sòt pase yo alòske politisyen tout tandans monte epi desann sou pouvwa a, kondisyon lavi pèp ayisyen pa chanje, okontrè li vinn pi mal anba ensekirite , grangou, chomay, enjistis ak pwoblem anviwònman Malgre tout kalamite ki frape Ayiti nan mwatye syèk ki sòt pase a ( diktati Divalye yo, beny san 30 sektanm 1991, lokipasyon militè etranje 1994 ak 2004 , tranbleman tè /goudougoudou 12 janvye 2010, leve kanpe 6 /7 jiyè 2018 elt.. ) politisyen tradisyonel yo pa janm vini ak yon plan pou wete peyia nan kachouboumbe epi adrese gwo pwoblem sosyal kap kokobe l. Lekontrè aksyon politisyen yo toujou pase akote demand pèp ayisyen pou chanjman ak plis demokrasi. Peyi a toujou ap pike kriz sou kriz paske solisyon politik yo toujou marinen dèyè do revandikasyon pèp ayisyen ap trennen nan dyakout li denpi 1986 (Sonje Akò Maryòt yo !). Jodya, klàs politik la si tèlman anpàn lide pou l rezoud pwoblèm peyi a, li tonbe klewonnen se retounen ak yon prezidan tou pwisan ki se solisyon kriz peyi a. Ala remò ! 216 lane prezidan tou pwisan se grangou, mizè , chomay ak latèrè sèlman li donnen pou peyi a. An verite, sa ki pi enterese politisyen tradisyonèl yo , se ride sistèm pouri a ranje kòl pi byen pou yo ka kenbe privilèj yo. Kay koule twonpe solèy, li paka twonpe lapli. Peyi a bezwen lidè ak lide tou nèf dekwa pou 2068 pa sanble ak jodia.

Konsa , pou nou rezoud kriz peyi a nan avantay majorite moun kap viv ladan l, Pèp Ayisyen an konsyan, òganize, mobilize dwe make twa (3) pa :

1e Pa : Mete nou dakò sou ki peyi nou vle.

2e Pa : Mete Pèp Ayisyen kòm Poto Mitan Demokrasi a, garanti patisipasyon l nan desizyon yo epi satisfe tout revandikasyon li yo.

3e: Pa: Mete yon lidèchip pwogresis alatèt peyi a ak yon plan devlopman 50 lane

Renouvo Demokraik di lè nou make 3 pa sa yo, nap METE AYITI ANPENPAN NAN LANE 2068 kote :