Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Analyses & Opinions

Pa vote pòv, pa vote kominis, vote piyajè, vote dilè dwòg, vote kidnapè !

martelly and raul castro

Prezidan Mateli di pèp la pa vote pòv, pa vote kominis. Deklarasyon prezidan Mateli a dwe raple nou anpil move moman nan listwa nou. Pandan rejim bout di Divalye a, plizyè milye moun mouri asasinen anba etikèt kominis ak kamoken. San konte plizyè milye moun ki pran prizon ak anpil lòt ki te oblije kite peyi a pou al viv an egzil. Kòm se Divalye ki te ale, rejim Divalye a te toujou rete ten fas, apre 1986, makout ak lame te fè anpil masak nan peyi a pou menm rezon sa a. Nan dat 23 jiyè 1987, makout, grandon, ak konplisite legliz katolik epi enperyalis meriken, te masakre 139 ti peyizan nan Janrabel ak bochon, poutèt peyizan yo t ap mande bonjan refòm agrè, pou jwenn tè ak bonjan ankadreman pou yo pwodui manje nan peyi a.

Moun ki te santi entere yo menase pat wè revandikasyon peyizan yo ak bon je. Batay peyizan yo te menase enterè grandon yo, ki te gen apui KNG a ak sèten gwo otorite nan legliz la. Moun sa yo ki te gen dèyè yo enperyalis meriken, te masakre peyizan yo, yon mannyè pou yo te kapab kraze mouvman sa a ki t ap grandi nan nodwès la ak nan rès peyi a. Apre masak la, yon sitwayen nan Nodwès la monte sou Televizyon Nasyonal pou li di: "Nou sot touye 1042 kominis".

Jounen Jodi a, se prezidan Mateli ki tounen ak pawòl kominis sa a. Prezidan an di pèp la, pa vote kominis, pou yo pa vin defèt sa l ap fè yo. Anvan prezidan an fè deklarasyon sa a nan Mayami, li te di nan Nodès peyi a, pou pèp la pa vote pòv. Sa vle di nan je prezidan an, pòv ak kominis, se 2 move je. Men mwen poko janm tande prezizan di pèp la pa vote piyajè, pa vote dilè dwòg, pa vote kidnapè, pa vote eksplwatè. Eske sa vle di se kalite moun sa yo pou pèp la vote ? Eske sa vle di wòl pòv yo se vote piyajè, machann peyi, dilè dwòg ak eksplwatè ?

Nan yon peyi kote anviwon 80 pou san moun pap travay, nan yon peyi kote pifò pèp la se pòv, deklarasyon sa a montre aklè, prezidan peyi a pa gade pèp la pou anyen. Nou ka konprann poukisa, prezidan an te trete sèten avoka nan peyi a kòm avoka pòv. Sa vle di avoka ki pa anyen, ki pa kanpe sou anyen.

Douvan sitiyasyon sa a, pòv yo ak kominis yo ki se defansè pòv yo, gen 2 chwa : kwaze bra yo, pou kite piyajè yo fè sa yo pito ak peyi a oubyen yo kanpe ankwa pou anpeche piyajè yo kontinye mete pòv yo ak defansè pòv yo sou kote. Se pou sa, tout miltan ak òganizasyon moun yo rann pòv yo, dwe gonfle fòs yo pou bare tout piyajè tankou Mateli ak Lamòt ak tout akolit yo, k ap vann peyi a tankou lo patat, bay gwo miltinasyonal. Nou dwe bare tout piyajè, ki kontinye ap kenbe peyi a anba okipasyon, tout piyajè k ap konplote ak enperyalis la, pou ranmase tè nou yo ak richès ki anba tè a. Nou dwe gonfle fòs nou pou bare piyajè k ap piye zile nou yo ak richès ki anba lanmè a. Pwovèb la di, moun ki dòmi ak Jan, se limenm ki konn kouman Jan wonfle. Si w deside vote, pa vote piyajè, pa vote dilè, pa vote volè, pa vote kidnapè. Vote pòv parèy nou ki nan enterè pèp la, vote kominis/defansè pèp la.

Par: Guy NUMA
Sous: Haiti Liberte
Photo: AP