Konstitisyon 1987 26 zan aprè
Ayisyen
Ayisyèn,
« Chimen bouton, chimen maleng », mwen pran pwovèb sa a, nan liv sajès Pèp la, pou m' pote yon mesaj-refleksyon, yon mesaj-responsabilite bay tout sitwayen ak sitwayèn, gouvènan ak gouvène, devan move siyal Demokrasi nan peyi nou ap mache dwategòch.
Depi 1987, Pèp Ayisyen chwazi Demokrasi pou Rejim Konstitisyonèl. Li chwazi rejim sa a, pou tout moun ki sou teritwa a ka viv anpè, pou ekonomi peyi a devlope, pou kreye travay, pou bay ledikasyon ak lasante e pou tout pitit li gen menm dwa, nan respè devwa yo.
A Lire Aussi: