Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Economie

Budget Costa Rica 15 Milliards pour 4.5 millions d’Habitants: Haiti 2.3 Milliards pour 12 Millions d’ Habitants

buget costa rica 2018

Tout Haiti vous présente une réflexion de Nesmy Manigat sur les 15 Milliards de dollars du budget de la république du Costa Rica qui a  une  population de 4.5 millions d’ habitants alors que Haiti avec sa population de près de 12 millions d’habitants a un maigre budget de $2.3 milliards USD pour l’année fiscale 2018-2019. Kisa nap fè ki pasa ?

 #Lecturedominicale #LekòlPaKaTann #1

Nou pa ka espere rekòlte yon bon ane ekonomik an 2019, aloske nou pa t plante avan. Kote Mendèv ? Kote pwofesyonèl ? Nan ki sektè ? Pou ki kalite djòb ? 

#CostaRica te deside egzije nan konstitisyon li an 1997 pou leta depanse nan edikasyon minimòm 6% PIB e li ogmante a 8% an 2011. Menm jan li pwoteje tou nan konstitisyon an montan depans pou Lajistis ak Eleksyon. Li fè refòm fiskal, modènize jan yo fè biznis e mete transparans.

Apre 20 lane, li atire plis ke 150 antrepriz teknoloji tankou Amazon, Microsoft, Intel ki jodi a ap ede modènize lòt sektè tankou agrikilti ki pap tann lapli tonbe sèlman. Premye ekspòtatè anana fre, li fè richès li tou nan bannann ak kafe. Nan lane 2017 li akeyi 40 envestisè etranje ki jwenn pèsonèl kalifye e yo envesti pou 3 milya dola. Li ekspòte medikaman, sèvis teknoloji, prodwi agrikòl elatriye .

Kwasans ekonomik li an mwayèn 4% pandan 10 lane ki sot pase yo. Revni moun se 12,000 dola, chomaj la bese a sèlman 8%, enflasyon mwens ke 3% e lajan li a estab. Gade ekstrikti bidjè #CostaRica. Modèl la pa pafè, li dwe anpil, men l ap mache. 

#PacteEducation #lectureDominicale

Nesmy Manigat

LES DERNIERES NOUVELLES