Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Analyses & Opinions

PARADI POU YO; LANFÈ POU TOUT LÒT YO

paradi pou yo bank mondyal jistis

Ayiti se yon paradi pou politisyen raketè e yon lanfè pou tout lòt sitwayen ayisyen onèt. Te mwen eksplike m :

Te mwen kòmanse pa ofri yon definisyon operasyonèl de kisa yon raketè ye. Yon raketè se yon endividi ki konstaman—san pran souf—ap chache twou vid nan kèlkeswa sistèm li rantre an kontak. Li fè sa pou li ka deteke kijan pou li fè magouy ak pran avantaj de feblès sistèm lan. Pou yon raketè byen fonksyone, fòk gen twou vid pou li foure kò l epi pou l nannan. Si pa gen twou vid—tankou yon rat—fòk li kreye l. Se sa k fè depi yon raketè parèt nenpòt kote li imedyatman kòmanse ap chache twou vid. E depi li pa wè okenn twou vid, tèt li cho e li malalèz. Se sa k fè tou, an jenral, yon raketè renmen lè gen gè oubyen kawo sosyal nan peyi li ap viv lan. Sa k fè sa ?

An nou pran ka Ayiti a kòm yon egzanp. Yon peyi ki manke wout ak elektrisite, men ki chaje ak labou, pousyè, fatra, machann mikwo, mafya, gang e ak bandi ki ap kidnape, touye moun—se yon bòl grès pou politisyen raketè. Nan yon sans estrateji militè, labou, pousyè ak fatra sèvi kòm pwoteksyon natirèl pou paradi raketè a. Machann mikwo yo se entelijennsya ak pwopagandis paradi raketè a. E mafya, gang ak bandi se gad ki ap pwoteje paradi raketè a. Sa vle di, nan yon vrè sans, eleman sa yo bloke vrè opozisyon ak vrè konpetitè santibon. Pa egzanp, te m poze yon ti kesyon retorik : Ki moun serye ki renmen gang, bandi, labou, pousyè ak fatra ? Vwala…  

Raketè politisyen yo—ki pran Ayiti ann otaj—ozanj jodi a. Yo rive ozanana ! Anfen, yo ap rekòlte sa yo te plante an 2004. Sa vle di jodi a chan an lib pou yo akonpli tout rèv yo : Yo ap friz nan gwo Tèt Bèf ak gwo kòtèj yo pandan yo ap kase Henessy ak Rémy Martin ; yo ap frape tout bèl jèn fi (ak jèn gason tou) ke yo te janm reve frape ; yo gen paspò diplomatik yo byen klase nan dada yo pou yo vwayaje premye klas nan tout peyi ke yo te janm reve vizite ; yo ap`byen manje, bwè ak dòmi nan otèl 5 etwal e kolekte pedyèm lè yo vwayaje ; yo ap bati relasyon pèsonèl yo ; yo ap kreye gwo biznis sou non fanmi ak zanmi yo toupatou aletranje ; yo ap bati bèl chato pasipala sou non fanmi yo ak zanmi yo; yo ap kreye bèl kanè bank aletranje ; e yo ap mete tout ti fanmi yo, tout ti zanmi yo ak tout ti fanm yo nan gwo pòs—menm lè moun yo mete yo pa kalifye. Pou m mete l senp : raketè yo ap byen fèl nan paradi raketè a. E ki kiyès k ap peye bòdo a? Se te yon dezyèm kesyon retorik; donk mwen pa p anmègde w a repons lan.

Sepandan, tanpri pa ni defann ni pran pitye pou politsyen raketè ayisyen ki kolabore ak enmi peyi d Ayiti pou yo toutespre kreye yon paradi raketè pou tèt yo e yon lanfè pou tout sitwayen ayisyen onèt. E youn nan pi gwo erè yon Ayisyen ka komèt nan venteinyèm syèk la--se panse politisyen raketè sa yo ap janm fè yo efò pou yo chanje yon mèd. Rete tann toujou…

Doktè Jistis, PhD

LES DERNIERES NOUVELLES