Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Analyses & Opinions

Kijan moun dekolonize tet yo?

decoloniser lesprit ngugi wa

An rezime, ann di Dekolonizasyon se dezanpran tout savwa ak savwafè opresif nou te aprann nan esperyans anseyman/aprantisaj nou fè yo pou n rive apran lot tip de savwa ak savwafè ki Nan avantaj nou ak pèp Ayisyen an. Yo di: « Lekti se manman tout konesans Â», nan optik sa, gen anpil bonjan literati ki ka ede n nan pwosesis dekolonizasyon an.

1. Men toudabò fok nou konsyan ke nou gen bezwen dekolonize tèt nou. Pa egzanp, nou ta dwe konsyan de movèz entansyon ak vye eritaj misyonè fransè Ki konstwi sistèm eskolè Ayiti Kote nou resevwa enstriksyon ak fòmasyon nou yo. Sa ka pèmèt nou fè yon chanjman de paradigm.

2. Nan dekolonizasyon tèt nou, Istwa a se yon disiplin fondamantal. Nou dwe Chèche konnen byen istwa ak gwo reyalizasyon zansèt nou yo ak lòt pèp yo. Nou dwe chèche aprann tout bagay pozitif ke yo pat aprann nou yo nan kourikoulòm Lekol yo. Aprantisaj bonjan istwa pote gwo kontribisyon nan devlopman estim de swa ak santiman patriyotik lakay moun.

3. nou dwe aprann travay an ekip paske si Zansèt nou yo gen yon kilti Tet Ansanm (Konbit) nan Lekol nou pase plis ke 18 lane (primè, segondè ak inivèsite) ap resevwa prèske toutan yon anseyman majistral. Kidonk, nou aprann enplisitman mantalite chak koukouy klere pou je a. Nou rive devlope refleks magister dixit la. Akoz de sa, nou dwe aprann lot metòd ki montre n kijan pou n travay an gwoup ak moun ki sanble ak nou.

4. Nou dwe aprann devlope reflechi ak panse kritik. Modèl Lekol nou an pa siye ditou ak bagay sa yo.

5. Nou paka pase nan sistem Lekol Ayiti a pou n pagen gwo pwoblèm entelijans emosyonel. E li vizib lakay nou. Erezman, jodia gen apwòch ak teknik ki ede moun devlope oubyen korije entelijans emosyonel yo.

6. answit nou ka aprann tou de lòt pèp yo ki gentan fè esperyans dekolonizasyon an. Nou ka itilize yon apwòch pragmatik pou n aprann de esperyans peyi tankou Singapour, Cuba, Rwanda, Jamayik, Lachin elatriye. Menm nan peyi oksidantal yo gen Entèlektyel ak mouvman dekolonyal k ap pwone dekolonizasyon panse oksidantal la. Pa egzanp, gen yon gwoup peyi ewopeyen ki asosye yo ak plizyè peyi Amerik Latin pou yo reyalize yon mouvman dekolonyal ki rele Collective Andar Decolonizando (CAD).

7. dekolonizasyon se yon pwosesis ki etann li sou tout rès lavi nou.

8. Elatriye

ROZO, Ph. D.
Roselor François,
B.Ed. (Majeur en Histoire), M. Ed., M.A., PH.D.
Spécialiste en Éducation et Pédagogue critique

LES DERNIERES NOUVELLES