Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Rezilta Eleksyon’ m

rezilta eleksyon

Si m ta sot chanpyon
Nan yon eleksyon
Ak lejitimite
Dwa otorite
Pou m pran desizyon
Pou tout yon nasyon

...
Mwen t ap rebrase
Tout kat ki mare
Se pou m ta chanje
Fason n opere
Ki fè n divize
Ki fè n kokobe
Ki fè n tèt bese
Devan etranje
...
Kolektivite
T ap vin fonksyone
Jan pou sa ta ye
Pou yo devlope
Se pa yon ti klik
Pou ti krak ti krik
Ki t ap deside
Pou pèp tout kote
...
Mwen t ap deklare
Fòk gen yon woumble
Tout fòs nasyonal
Tout natifnatal
Pou nou adopte
Byen elabore
Yon plan ki fikse
Jan lavi n dwe ye
...
Ak seryezite
Epi onètte
Mwen t ap negosye
Pou bay yon lanmen
Ak tout sitwayen
Ki vle n devlope
E ki motive
Pou patisipe
...
Se pa t ap yon klan
Ki t ap gouvènman
Pitit tout manman
T ap nan vann chanjman
Pou kab kontribye
Fè n sispann babye
Se sa m ta swete
Se sa mwen reve
...
Men devan lajan
Pouvwa kòmandman
Tinèg pwoletè
Ki konn twòp mizè
Pèdi diyite
Ak entegrite
Yo pran gouvènman
Pou vòl ak woulman
...
Gwo oligachi
Toujou anrichi
Yon klas malfini
Sou do sa k piti
Konsa eleksyon
Se toujou aksyon
Pou met opouvwa
Yon gwoup avadra
...
Si m ta sot chanpyon
Nan yon eleksyon
Ak lejitimite
Dwa otorite
Pou m pran desizyon
Pou tout yon nasyon
...
G on konstitisyon
Mwen t ap fè sèman
Pou m suiv lwayalman
San magouy san plan
Mwen t ap bay ezanp
Ki kanpe eskanp
Figi yon bastyon
Devan tout nasyon

Bito DaviD