Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Economie

Gade kisa To (taux) dola a fè Majorie

patrick alexis

Yon Majorite ki an Faillite

Istwa Marjorie ka fe nou konpran.n a klè kijan Majorité.a ap fe Faillite . . .

Marjorie se yon jenn kad pwofesyonel ki gen laj 30 lane kap travay nan yon konpayi prive kom sipèvize depi 1er Juin 2017.

Marjorie ap touche depi 1er Juin 2017 ke li start nan job la 45,000.00 Gdes par mois ki te reprezante $ 725.00 Us par mois . Sa vle di salaire Marjorie pou 1 an en 2017  li te touche 540,000.00 Gdes swa $ 8,700.00 US

Marjorie menm jan ak majorite jen kad fanm tankou gason ap viv nan lwayé e lap viv en famille . Majorie kom pi gran e chef kay la peye lwaye kay li chak 18 Juin yon montant de $ 4,000.00 US pour 1 an.

Donc kom Marjorie gen e rete ak yon Salaire Annuel Net de 540,000.00 Gdes

Nan date 18 Juin 2017 Salaire Mensuel Net Marjorie ki se 45,000.00 Gdes te vaut $ 725.00 US -  Pou lwaye 18 Juin 2017 la pou $ 4,000.00 US li te peye 248,400.00 Gdes pou yon Taux de 62.10 pou $1.00 Us. Sa vle di ke Marjorie rete nan men.l 291,600.00 Gdes pou.l ka viv e peye lot bill tankou kouran , fe market ak mache , kamyon dlo , gaz pou machine , servante etc. . .

Nan date 18 Juin 2018 Salaire Mensuel Net Marjorie ki se 45,000.00 Gdes te vaut $ 677.20 US - Pou lwaye 18 Juin 2018 la pou $ 4,000.00 US li te peye 265,800.00 Gdes pou yon Taux de 66.45 Gdes pou $1.00 Us. Sa vle di ke Marjorie rete nan men.l 274,200.00 Gdes pou.l ka viv e peye lot bill tankou kouran , fe market ak mache , kamyon dlo , gaz pou machine , servante etc. . .

Nan date 18 Juin 2019 Salaire Mensuel Net Marjorie ki se 45,000.00 Gdes te vaut $ 484.39 US -  Pou lwaye 18 Juin 2019 la pou $ 4,000.00 US li te peye 371,600.00 Gdes pou yon Taux de 92.90 pou $1.00 Us. Sa vle di ke Marjorie rete nan men.l 168,400.00 Gdes pou.l ka viv e peye lot bill tankou kouran , fe market ak mache , kamyon dlo , gaz pou machine , servante etc. . .


Nan date  Jodia 18 Juin 2020 Salaire Mensuel Net Marjorie ki se 45,000.00 Gdes te vaut $ 391.30 US - Pou lwaye 18 Juin 2020 la pou $ 4,000.00 US li pral peye 460,000.00 Gdes pou yon Taux de 115.00 Gdes pou $1.00 Us. Sa vle di ke Marjorie rete nan men.l 80,000.00 Gdes pou.l ka viv e peye lot bill tankou kouran , fe market ak mache , kamyon dlo , gaz pou machine , servante etc. . .

Mwen swete nou we ke de 18 Juin 2017 a 18 Juin 2020 yon Salaire Mensuel de 45,000.00 Gdes soti nan $ 725.00 Us pou li tonbe nan $ 391.00 Us.

Mwen swete ke nou realize e konpran.n ke propriyete kay la pa janm monte Lwaye.a men Bill yo pa kanpe tou , Mwen swete nou we ke Marjorie pa janm gen Ogmantasyon

Mwen swete nou konpran.n Faillite majorite.a ,  kote nou ye  jodia, nan kisa nou ye e sa kap vini an pou demain

Eske nou konpran.n ke Marjorie te gen yon Salaire Annuel en Juin 2017 de $ 8,700.00 US pou jodia li tonbe ak yon Salaire Annuel de $ 4,695.60 US


ANTOUKA


Patrick Alexis
Cette adresse e-mail est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser.

NDLR: Tout Haiti chwazi pibliye tèks sa san nou pa edite li.