Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Economie

BRH dwe libere epay peyi a pou sove lonè goud la devan dola a: pa gen wout pa bwa

brh -Banque de la République dHaïti

1) BRH dwe libere epay peyi a pou dola a kanpe sèk. Mete enterè a ant 0-5% pou envestisman ka fèt. Se sèl mannyè, pa gen wout pa bwa.

 2) Jan pou BRH libere lajan peyi a: bese rezèv obligatwa ant 0-10% ak elimine BonBRH kap seche epay yo nan avantaj bank komèsyal yo.

 3) BonBRH se pwazon ekonomi an. Si nan 91 jou BRH ap bay bank komèsyal 17% sou epay ki lakay yo, yo pap kite l pou envestisman fèt.

 4) BRH di to BonBRH la se li ki to direktè pou prete lajan. Si jodi a li ant 10-17%, souvan i konn ant 15-22%. Prete pou envesti chè.

 5) Si to BonBRH=to direktè sa vle di prete lajan pou envesti pap fèt. Konsa bank yo ap jwenn plis lajan pou BonBRH pou fè plis pwofi.

 6) Depi 1996 BonBRH se manmèl bèf bank komèsyal yo. BRH toujou di BonTrezò ap ranplase l. Yo deside fè sa ayè nan menm kondisyon an.

 7) Si BonTrezò ap fèt nan menm kondisyon ak BonBRH se lave men siye atè. Envestisman ap toujou pap ka fèt. Goud la ap toujou anba.

 8) Pou BonTrezò ka sous finansman piblik leta, sitwayen lanmda ta dwe ka achte l, ann di 1000 goud pou pi piti. BRH ka toujou jere l.

 9) Sèl on gouvènman ka ralanti mouvman liberasyon epay peyi a, si l pa defini on estrateji ekonomik ki chita sou kèk ax priyoritè.

 10) Si BRH pa libere epay peyi a nan tèt kole ak on bon estrateji ekonomik pou envestisman fèt, goud la mèt al bay dola a jounen l.

 Jeanpoincy
 282020