Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

Valéry Numa fait le point sur les retombées de son interview avec Clarens Renois

valery-clarens

Bonjou tout moun!

 Jan nou ka remake l, entèvyou m ak Clarens Renois fè yon bann tole tou patou. Sou tout fowòm se de sa yap pale. Anpil kòmantè. Genyen ki fèt ak anpil pasyon. Genyen tou ki fèt ak tèt frèt.

 Leson mwen tire de entèvyou a se ke tout kandida soufri menm maladi. Yo tout se vrè doktè a...apre yo pa gen lòt. Pou m onèt, Clarens make yon pwen nan sans ke objektif li a atenn. Sa vle di fè yon bagay pou konsomasyon gran publik la. Bravo Clarens. 2e pwen konfrè a panse li make se lè l vle konvenk tèt li pa gen moun ki panse li ta dwe fè klas politik li avan li dirije l sou palè a. Rezon an se moun ki nan antouraj li yo wi kap dil sa, ki fè l konprann sa e li menm li mete sa nan tèt li vre. Sou pwen sa a Clarens rate gòl la.

 Pi devan nan entèvyou a Clarens pran boul la, lap dirije l nan kan an epi nan twò anvi fè yon move chout, boul la pase tèt kan. Pwofesè a di jounalis la la sèlman pou l poze kesyon. Sou pwen sa a elèv la make yon pwen. Sa a pa valab pou direktè dopinyon yo. Yo la pou ranmase sa yo tande, sa yo wè, sa yo konprann pou yo analize yo pandan yap chèche poze kesyon sou yo.

 Mwen konprann pwofesè a fache paske li pat janm konn pran pozisyon sou anyen sinon ke bay nouvèl. Se premye objektif metye a se enfòme moun. Se pa yon pwoblèm. Konsta mwen fè sè ke li bèl anpil anpil lè se ou menm kap poze kesyon. Men lè se pou reponn kesyon puiske wòl yo chanje enterè yo vin chanje tou. La a tou se nòmal. Mwen note gen konfrè ak konsè ki pran anpil plezi nan lese frape yap eseye ranfòse a. Gen lòt tou m wè sa deranje.

 Pwofesè a estime li ranpòte match la. Se sak fè li pibliye tout atik ki sòti sou entèvyou a sou tout rezo sosyal yo. Se kòrèk paske yo pale an favè li. Mwen suiv kèk moun ki konn fè kòmantè an prive kont chwa Clarens lan ki se pi gwo fanatik pwofesè a jodia paske yo pa renmen elèv la. Pwofesè a kontan. Gen yon endividi ki te fèmen nan sant moun fou nan peyi blan m wè kap voye bèl flè pou pwofesè a. Sa fèm plezi wè pwofesè a chaje fanatik tout kote. Se trè byen. Sa fè yon vòt an plis pou pwofesè a ki vote pou la premyè fwa nan vi li dimanch 9 dawout 2015 lan.

Map raple tout moun mwen toujou fè efò poum fè metye jounalis la ak konsyans. Mwen konnen tout moun pap janm renmen m. Mwen pa gen pwoblèm ak sa. E li pa ta ka lòt jan tou. Sosyete demokratik mache nan deba ak kontradiksyon. Mwen pa janm pè fè deba. Sèl moun mwen pa fè deba ak yo se lach ki kache dèyè fo non pou atake m yo. Mwen konnen depi w se lidè dopinyon wap deranje gwo enterè politik ak ekonomik. Mwen pa pè sa. Mwen pare pou sa. Sak bèl la sila ki pa vle wè m yo se yo ki pi gwo fanatik mwen. Yo pap rate yon emisyon m. Yo yonn pa vle pou se moun ki vin di yo.

 Sak banm kouraj se Bondye nan syèl la, kapasite m poum idantifye vrè zanmi m ak alye m yo epi detèminasyon'm pou m kontinye bay kontribisyon m nan batay pou chanjman anndan peyi m.

 Mwen pa konn pou Clarens, men li te zanmi m, li se zanmi m, lap rete zanmi m depi l vle...!

 Valéry Numa