Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Analyses & Opinions

Post Jovenel : 60 questions pour déterminer si c’est la dernière transition ou le début d’une série de transitions

10.11.2019- Manifestation - laguerriere - Rine a perdre tout a gagner 

Ki plan tranzisyon apre Jovenel la genyen?

Pa gen dout prezidans Jovenel Moïse la pa bay ankenn rezilta. Ayiti vin pi pòv, lavi vin pi chè, peyi a vin pi kowonpi depi lè li la a. Tout etid nasyonal ak entènasyonal yo demontre sa. Sak sèten tou, ak tout presyon lari a, l ap blije kite pouvwa avan fen manda 5 kan li an. Opozisyon an ak anpil gwoup òganize ap pale de chanjman sistèm ki dwe fèt. Ki plan tranzisyon apre Jovenel Moïse la genyen? Kòman chanjman sistèm y ap pale a ka rive fèt? Men yon plan sou fòm kesyon ki ta ka debouche sou chanjman sistèm lan vre.

An ale mesyedam tranzisyon yo:

1): ki plan KONKRÈ nou genyen pou relanse ekonomi peyi a?
2): Ki aksyon nou pra l poze pou fè dola a desann a 70 goud pou piti nan 100 premye jou tranzisyon an?
3): Ki plan nou pou fè enflasyon an soti nan 20% desann a 10% nan 100 premye jou yo?
4): ki plan nou pou atire envestisman nan peyi nan pwochen 12 mwa k ap vini la yo?
5): ki plan nou pou relanse tourism nan peyi a nan pwochen 6 mwa yo?
6): ki plan nou pou modènize sistèm elektoral la pou pwochèn eleksyon yo (vòt elektwonik pa ekzanp)?
7): Ki plan nou pou anpeche dilè dwòg, kriminèl, dwèt long siperyè tout moun konnen, ti opòtinis aganman... anvayi pwochèn lejislati a?
8): ki plan nou pou pèmèt pwosè #PetroKaribe a fèt san fòs kote nan 6 pwochen mwa yo?
9): ki plan konkrè pou gen yon kòmansman refòm tout bon lajistis?
10): ki plan nou tout bon pou mete sou kote, arete, anprizone tout jij ak lòt aktè nan sistèm jidisyè a ki te konn ap vann jistis?
11): ki plan nou pou revoke tout fo pwofesè epi ranplase yo pa nòmalyen?
12): ki plan nou pou pwofesè jwenn nan 12 pwochen mwa yo yon ogmantasyon 200%, doktè nan Leta 100%, polisye 50%?
13): ki plan nou diminye de 70% bidjè laprezidans, primati ak palman an epi ogmante de 30% bidjè edikasyon, sante ak agrikilti nan pwochen bidjè a?
14): ki plan nou pou nou elimine kès “nwa” ransèyman ki nan palè nasyonal ak primati a epi ogmante pa DCPJ a de 500% epi mete kontwòl sou pa Ministè enteryè a?
15): ki plan nou pou diminye privilèj prezidan, minis, palmantè (pa achte machin pou yo ankò, pa peye kay pou yo ankò, pa achte telefòn ak plan telefòn pou yo ankò, pa ba yo fich gaz ankò, pa peye manje pou yo ankò, elimine frè enstalasyon yo, diminye salè yo de 30%), epi mete machin sèvis pou yo, epi ogmante salè jij yo de 100%, de 100% salè tout ti anplwaye leta ki nan nivo 15 mil goud?
16): plan nou pou lanse yon reyèl edikasyon sivik nan tout peyi a epi ogmante de 50% kapasite akèy Inivèsite Leta a nan 24 pwochen mwa yo?
17): ki plan nou pou omwen chak komin gen 5 a 10 kamyon ponpye?
18): Ki plan nou pou rann fonksyonèl tout ansyen “bouche à incendie” nan Pòtoprens yo  Epi ogmante kantite a de 50%?
19): Ki plan nou pou kriminalize evazyon fiskal epi ranplase sistèm fiskalite deklaratif pa yon lòt ki pèmèt Leta konn revni tout moun ?
20): ki plan nou pou ogmante resèt fiskal yo de 50% nan pwochen ekzèsis fiskal yo?
21): ki plan nou pou rantabilize tout espas ki ka tounen pakin piblik?
22): ki plan nou pou retounen ak enspeksyon machin?
23): ki plan nou pou nou asire nou chak moun ki yon pèmi kondui (moto, machin, kamyon...) pase tès kondui, epi metrize tout prensip sikilasyon nan lari piblik?
24): ki plan nou pou penalize moun k ap itilize telefòn lè y ap kondui?
25): ki plan nou pou penalize moun k ap kondui ak gwo kantite alkòl nan san yo?
26): ki plan nou pou fè lajistis rekonèt prèv enfòmatik, elektwonik, fotografik, videyografik?
27): ki plan nou pou tout espas lavil yo, kafou yo sou siveyans kamera? Ki plan nou pou gen yon # 3 chif pou lapolis ak anbilans pou tout peyi a?
28): ki plan nou pou ede yon milyon anplwa estab kreye nan pwochen 24 mwa k ap vini la yo?
29) ki plan nou pou 3 milyon pye bwa plante na peyi a nan pwoche 24 mwa yo?
30): ki plan nou pou deplase omwen 50% kay ki konstwi nan ravin yo nan zòn metwopolitèn yo nan pwochen 24 mwa yo?
31): ki plan nou pou ogmante de 300% bidjè CAS?
32): ki plan nou pou yon vrè pwogram sosyal pou ede epi vin rann endepandan sila yo ki pi pa kapab yo?
33): ki plan nou pou mete kanpe yon sistèm asirans reyèl, efikas, kredib sante ak retrèt pou tout travayè ayisyen (prive kou piblik)?
34): ki plan nou pou rezoud tout bon vre pwoblèm doub nasyonalite a?
35): ki plan nou pou nan 24 mwa k ap vini la pou rapatriye omwen 30% travayè kalifye, inivèsitè ki kite peyi al Kanada, Etazini, Lafrans, Brezil, Chili... pandan 10 dènye ane yo pou tèt ensekirite ak chomaj?
36): Ki plan nou pou n antann nou ak Etazini pou l pa voye tounen ba nou ankò tout Ayisyen  ki fin aprann kriminalite, gangstè, vòlè lakay yo a?
37): ki plan nou pou nou jije epi mete nan prizon tout ansyen palmantè, minis, sekretè deta, prezidan, fanmi prezidan, madan prezidan... ki te gen non yo site nan detounen, vòlè, gaspiye... lajan Leta pandan 33 dènye lane sa yo?
38): ki plan nou pou kreye yon taks sou richès epi envesti kòb taks sa yo nan edikasyon?
39): ki plan nou pou ankouraje moun ki gen kòb yo retounen anpe nan gwo benefis yo nan edikasyon ak sistèm asistans sosyal?
40): ki plan nou pou gen kontwòl pri revant tout machandiz ki enpòte pa gen yon ogmantasyon plis pase 20% aprè tout frè yo?
41): ki plan nou pou anpeche fo medikaman ak machandiz ki pa bon pou sante antre nan peyi a?
42): ki plan nou pou anpeche medikaman vann nan lari ankò?
43): ki plan nou pou Lopital Jeneral fini nèt nan 6 pwochen mwa yo?
45): ki plan nou pou pini ansyen vòlò Doktè ak pèsonèl epi anpeche materyèl Lopital Jeneral yo ap disparèt?
46): ki plan nou pou anpeche se palmantè ki ap pwopoze minis, direktè jeneral... lè gouvènman ap fòme?
47): ki plan nou pou elimine kat telefòn, fich gaz pou tout gwo fonksyonè ak konsiltan Leta?
48): ki plan nou pou Ayisyen k ap viv an Ayiti gen aksè peye nan Labadee omwen 2 fwa pa semèn?
49): ki plan nou pou kriminalize tout konpòtman ak pawòl rasis an Ayiti?
50): ki plan nou pou elimine tout franchiz dwanyè moun k ap fè biznis genyen epi konbat tout “eksklizivite” kèk gran fanmi boujwa genyen an Ayiti (pou tout ki gen mwayen ka vann diri, kawotchou, siman, fè...)?
51): ki plan nou pou nou fè tout biznisman ki kache dèyè tit konsil onorè pou pa peye taks yo retetire biwo konsila yo nan biznis yo?
52): ki plan nou pou elimine nèt tout kontrebann k ap fèt sou fwontyè nou yo?
53): ki plan nou pou ogmante taks de 30% tout pwodui n ap enpòte epi nou pwodui an Ayiti (tankou byè, wonm, kola, bwason enèjizant, salami, òtdòg...)?
54): ki plan nou pou Ayiti pwodui ase ze (pou l vin otonòm) ak vyann poul nan pwochen 24 mwa yo ?
55): ki plan nou pou entèdi enpòtasyon ak lavant tout pwodui k ap fè moun chanje koulè po yo an Ayiti?
56): ki plan nou entèdi yo boule kawotchou ak bloke wout sou tout teritwa peyi a ?
57): Ki plan nou pou dezame tout gang ki gen nan peyi a pou pwochen 12 mwa k ap vini la yo?
58): ki plan nou pou legalize komès zam an Ayiti (paske l ap fèt anba anba)epi asire nou moun ki gen pèmi pou pote zam osnon ki ka gen zam ranpli tout kondisyon pou sa (tankou konn tire vre, pa gen pwoblèm sikolojik...)?
59): ki plan nou pou nou fèmen tout radyo, televizyon, lekòl, inivèsite, lekòl pwofesyonèl, legliz... ki pa nan misyon yo te destine a vre?
60): ki plan nou pou nou asire nou tout moun ak pati politik ki patisipe nan tranzisyon an pap patisipe nan pwochèn eleksyon yo?

Prezante pou nou svp yon plan ki reponn tout 60 premye kesyon sa yo epi 40 lòt yo ap vini.
Si pa gen ankenn plan ki ka kòmanse adrese pwoblèm sa yo, pa gen okenn sistèm k ap chanje vre. Se ap lave men, siye atè.

Gaspard Dorélien
Sitwayen ayisyen
8 oktòb 2019
https://bribesdevieenhaiti.blogspot.com/2019/10/ki-plan-tranzisyon-apre-jovenel-la.html?m=1

Photo Credit: inconnu -  Envoyer vos informations à Cette adresse e-mail est protégée contre les robots spammeurs. Vous devez activer le JavaScript pour la visualiser.