Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Analyses & Opinions

Division Internationale du Travail : Haiti une vocation de plantation (Nou renmenm l konsa)

canal panamaKonstriksyon Kanal panama

Se pa jodi a ke divizyon entènasyonal travay ba nou vokasyon plantasyon. Gouvènman Salomon te voye 8000 Ayisyen nan konstriksyon kanal Panama ke yon franse ki rele Ferdinand de Lesseps te koumanse.

Aprè, Ameriken sou lokipasyon ankouraje Ayisyen al koupe kann Kiba ak Sendomeng. Kidonk, vokasyon nou kòm plantasyon neyokolonyal se voye moun alé deyo kote yo bezwen fòs ponyet. Ayisyen dakò se konsa pou'l rete.

E byen, si se sa nou vle fè kom modèl ekonomik, fòk nou pase men nan sistem edikasyon pou Ayiti ka voye tout kalite moun al travay deyo. Konsa transfè diaspora a tap doublé pou li reprezante plis ke 50% PIB peyi a. Malerezman, mem sa a nou paka fè kom refleksyon.

Enspirasyon nou rivé nan bout li. Fòk sèvo nou refomaté sinon nap mem jan ak karavan lan: tou sye, tou bouké, tout boulin an plas.

Alin Louis Hall