Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Culture & Société

Pour Sony Esteus

sony esteus journaliste

Yon jeb fle
Tout koule
Pou zanmi’m sony
Ki deside pati
Anvan bajou kase
Anvan soley leve…

 Yon kout tanbou
Bon jan vaksi’n banbou
Pou zanmi’m sony
Ki deside tchuipe lavi
Nan yon peyi ki fe nwa
Lajounen kou le swa
Kote plis san koule
Ke kafe…

 Yon ti pwezi
Yon ti semoni
Yon kout lanbi
Pou zanmi’m Sony
Ki deside janbe
Anvan mò yo leve
Anvan baron sanmdi
Pran lari
Anvan chay pran lian’n
Avan larivye desan’n…

 Yon ochan
San parabol
Pou yon peyizan Ki te renmen lang Kreyol
Pou yon jounalis
San vis
Pou yon gwo militan
Ki te vle nou tou’t an’n dan

Yon gouyad kat kafou
Yon pa, de pa janvalou
Pou zanmi’m sony
Ki pa ka mouri

Guerby Dujour