Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Diaspora

Mwen peur Haiti

daniel saintcyr touthaiti

Mwen sot pase kèk jour/ 1 semaine an Ayiti, dernier fwa mwen soti Ayiti se aprè Goudougoudou/ 12 Janvier. Se toujou yon pays moun ap kroupi nan Mizè, yon Mizè ki flagran sou visaj 95% Haitien. Ginyin yon ti minorite 5% ki nan luil, anpil gro Toyota Prado ak Ilux. Ninpot moun Haiti ki ap bien minnin ki kontan se paske li pran plezi fè sipesta sou gro majorite ki nan pa bon.

Ninpot kote ti minorite bagay bon nan main li frekante tankou Market ak Restaurant, moun kap mande anvayi devan yo. Ayiti tankou yon kay Manman ak Papa Timoun yo pala epi yo profite ap fè dezod, ponpe sou kabann, etc., telman se yon pays ki paret pa ginyin moun kap dirige, minm sak soit disant otorite se yo ki chez dezod. Nan mitan la rue Petion Ville yon neg decide pran yon pil fer dalbeton mete nan la rue a, yon kròk fer kole anba yon BMW, sou route nationale pou ale Decameron yon moun ap konstwi decide lap pran yon bò lari a pou mete sab. Problem pays sa plis pase politik.

Mwen pase 4 jours Decameron/ yon weekend, si mwen pat konn pays a mwen tap panse se pa yon pays ki ginyin majorite moun nan misere. Touris Americain ak Francais ap pran plezi, mwen bliye touris lokal " Diaspora Haitien", san konte moun classe moun ki kapab fe èfo pou al boule yon $400 si se yon koup ki decide fe 2 jours.

Haiti se yon veritab jungle. Sim ta di yon moun mwen pral viv nan Haiti sa mwen wè a, mwen nan ipokrizi, sauf si mwen ta nan yon job Luil ak Pouvwa paske Haiti depi ou pa ginyin pouvwa se tankou ou pa moun. Sa mwen pral di a pa ginyin pou we ak politik: mwen peur Haiti

Daniel St Cyr