Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

Michel Martelly ak Donald Trump fè n wè vrè vizaj yon bann mòdèfòkè pa bò isit (Daly Valet)

michel-martelly-donald-trumpDonald Trump vs Michel Martelly 400% Kaka 

Merde !

Moun k ap pesiste di Trump gen rezon trete Ayiti de twou kaka a, m panse moun sa yo dwe al bay lespri yo plis manm. Vreman moun sa yo pa tèm nan lespri yo e yo pwouve yo pa konprann anyen nan anyen...Sa yo dwe konprann sè ke menm si Ayiti te bel e pwop tankou Nòvèj nan zye stil moun Trump ye a Ayiti t ap toujou rete yon twou kaka...

M pa ka konprann kijan gen Ayisyen ki ka ap aplodi Trump ni avan li te pale pawol latrin li yo ni kounye a... Menm jan an tou m pa ka konprann kijan moun klas mwayèn ak pèp isit ap aplodi yon moun tankou Michel Martelly ki pa respekte manman yo e ki pran yo tout pou kaka. Franchman m pa konprann. ..

Yo ap aplodi Trump..Yo ap aplodi Martelly. ...yo menm ap prepare pou 100 % kaka yo rele Martelly a retounen prezidan peyi kaka a.

Pou menm neg klas mwayen sa yo ki ap woule tapi wouj lakay yo, nan medya yo a pou papa kaka yo a moun tankou Moise Jean Charles pa moun pou yo...li pa konn pale franse ..donk li pa ka oze panse pou l ta vin prezidan yo. Pou yo Daly pa t dwe ap soutni Moise Jean Charles paske Moy se yon abodjo pandanstan y ap fè tyoul yon papa kaka pou 2 goud ak dyob...

Jis imajine w yon jou si Moise Jean Charles te gen dyol kaka tankou Martelly....neg isit t ap bani l tout kote. Menm dlo yo pa t ap ba li si swaf t ap touye l. Ayisyen menm jan ak Trump se yon kolonni rasis. Coupe Cloue pa t konn jwenn envitasyon pou jwe nan lekol mè yo malgre li te konn ekri bèl tèks imaje. Poutan lekol kongrenanis yo nan Potoptens ke pitit lelit yo t ap frekante te tounen baz nomal Michel Martelly ak tout mizik 100% kaka li yo.

Nèg nan medya isit lage nan kò Mathias Pierre kòm kwa dapre yo li se yon abolotyo. Yo pale Mathias mal jis pou yo detwi l. Neg klas mwayèn isit pa vle wè okenn neg klas mwayèn parèy yo ap respire. Pandanstan menm neg klas mwayèn nan medya sa yo ap adore, chante lwanj e woule tapi wouj pou ti boujwa po klè wa abolotyo ki pase tout pouvwa an Ayiti devan kou dèyè rido. Se yon wont. An menm tan se yon trajedi.

Michel Martelly ak Donald Trump fè n wè vrè vizaj yon bann mòdèfòkè pa bò isit.

Merde !!!

Daly Valet
Tout jan an gran jan 

LES DERNIERES NOUVELLES