Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

Lèt Tou Louvri Pou Misye Richard Urbain (Venus Production)

Richard-Urbain2Richard Urbain

Nou menm Ayisyen ak Ayisyèn konsène nan dyaspora a, espesyalman nan Nouyòk, nou sezi tande ak wè ki kalte mannigans konpayi venus pwodiksyon wap dirije tanmen fè pou Sweet Micky vin jwe nan festival lebòde ane sa a.

Nan papòt misye Richard Urbain, nou vle di ou lèt sa a pa yon demach pou nou voye yon ekip politik monte etan nap kraze yon lòt. Se pito yon demach ki gen arevwa ak dekowòm ; se yon demach bòkote konsyans ou kòm papa pitit ki gen timoun lap bay bon lizày, konsyans ou kòm yon mari ki damou madanm li epi respekte tout dwa l ak diyite l, anfen konsyans ou kòm yon biznisman ki gen anpil fanm kap potekole ak ou ak chak jou.

Misye Richard Urbain, se pa sekrè pou pèsòn Sweet Micky pa respekte youn nan kategori moun sa yo nou sòt site pi wo a. Pa egzanp, nan youn nan pèfomans misye te bay nan Nouyòk li te di pou yo mennen ba li yon pitit fi OJ Simpson ki gen sèlman 8 lane sou tèt li pou li dechalbore l. Li te di tou nenpòt gason gen dwa toupizi fanm yo jiskaske yo touye l. Sweet Micky di yon pakèt lòt betiz ankò ki demontre aklè li se yon pedofil, epi li pa gen respè pou fanm kelkeswa laj yo oswa koulè yo. Lis devègonday Sweet Micky yo long anpil, men nou vle fè w sonje atak san parèy li te fè sou Jessy ki se manman yon mizisyen tokay li.

Misye Richard Urbain, nou estomake lè nou tande se ou menm kap konplote anbachàl pou fè Sweet Micky vin malmennen timoun ak fanm nan festival kap tanmen sou Eisenhower park ki se yon randevou detant pou ti moun, pou jèn ak pou fanm.

Nou dotan plis estomake lè nou konnen ou se yon jèn gason ki travay di pou ou rive kote ou ye la, sòti animatè radyo ak televizyon, pase manajè Phantom, tonbe pwomotè anpil gwo jaz. Ou rive kanpe tou de klinik youn nan Broklyn, youn nan Queens kap ride moun ki viktim nan aksidan machin. Nan bon tan tankou nan move tan, kominote ayisyen an toujou kanpe ak ou. Nan lokazyon zak sasinay ki te fèt sou pitit gason ou nan zòn long island, solidarite kominote a te djanm. Jodi a, asosyasyon ou ak Sweet Micky se yon souflèt pou nou tout, espesyalman sila yo ki te leve kanpe lè yo te eseye mete akizasyon kadejakè sou do w.

martelly-richard-urbain-richard-cave

Misye Richard Urbain, anpil moun panse pwomotè nan dyaspora yo kap òganize fèt ak Michel Mateli se ede yap ede misye blanchi lajan petwokaribe a li vòlò. Nou pa akize ou misye Urbain, men nap atire atansyon ou sou sa paske nou konnen lajistis pini yon volè tankou li pini konplis li. Menmsi ou pa anbake nan zafè blanchi lajan chango ak Sweet Micky, platfòm wap ba li simaye anpil latwoublay nan lespri nou.

Nap pwofite anonse ou nou pral òganize divès sit in devan tou de klinik ou yo yon fason pou kominote wap desevi yo ka konen ki kalite sipò wap bay yon devègonde tankou Sweet Micky ki fè màs lajan petrokaribe a fè fon. Sizoka ou pa wete sipò wap pote bay Sweet Micky anvan festival la, nap la nan festival ak pankàt nou nan men nou pou nou kontinye rele chalbari dèyè Sweet Micky kòm pedofil ak kadejakè kap fè epi ankouraje vyolans sou fanm ak sou ti moun.

Misye Urbain kòm defansè dwa moun ak dwa fanm, nou fè vwa nou fè yon sèl ak madanm nou, pitit nou pou nou rele koukowouj deyè Sweet Micky. Kòm defansè dwa moun ak dwa fanm, nou fè vwa nou fè yon sèl ak madanm nou, pitit nou pou nou mande w sispann tout aktivite ou tanmen pou sipòte vini Michel Mateli nan Festival lebòde a, osnon nap blije mande kominote a pou tanmen boyekote avtivte venus pwodiksyon ak tout lòt biznis ou gen nan kominote a.

renouveau-alain -zephyre- yves pierre richard urban