Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Analyses & Opinions

Lavalas / Claude Roumain: BOURIK TRAVAY POU CHWAL GALOPE!

claude-roumainTout moun konnen Claude Roumain te pòt-pawòl MIDH (Mouvement pour Instauration de la Démocratie En Haïti) nan lane 90 yo. Aprè li te kite MIDH, li fòme pwòp pati politik pa li ki rele : Génération 2004. MIDH ak Fanmi Lavalas, se lannuit ak lejou. Daprè plizyè sous nou kontakte, Claude Roumain te nan operasyon Gnbis la, nan lane 2004. Sa k pirèd la, pyès moun pa rekonèt Claude Roumain kòm yon militan Fanmi Lavalas.

Fanmi Lavalas toujou prezante tèt li, kòm yon pati k ap chèche jistis sosyal pou pèp la. Lòske Jean Bertrand Aristide te an egzil, pyès moun pa t janm konn wè Claude Roumain nan manifestasyon ni okenn siting. Se Ansyto Félix ak René Civil, tout moun te konn wè nan tèt ploton yo. Kisa Claude Roumain ap chèche andedan Fanmi Lavalas? Tout moun yo fin travay, epi Claude Roumain monte sou tab pou li manje. Kote jistis Fanmi Lavalas ap preche a? Kilè Claude Roumain te konvèti tèt li an lavalas? Daprè Senatè Moïse, règleman Fanmi Lavalas la pa pèmèt yon moun manm 2 pati politik an menmtan.

Antouka, si Fanmi Lavalas vle rete yon pati kredib nan zye popilasyon an, dirijan yo ta dwe bay pèp la esplikasyon sou prezans Claude Roumain nan direktwa pati a.

N ap siyale pou ou, nan eleksyon 18 janvye 1994 yo, MIDH te fè yon alyans ak MNP-28 (Déjean Bélizaire) e PANPRA (Serge Gilles). Yo te rele alyans sila a :ANDP (Alliance Nationale pour le Progrès et la Démocratie).

Yvener Millien
HAÏTI CHÉRIE, Groupe ouvert

A Lire Aussi: