Tout Haiti

Le Trait d'Union Entre Les Haitiens

Actualités

Ayiti : demokrasi, diktati ou nakoeta ? (Daly Valet )

avril-jean-claude-duvalier-gonaive-janv-2014-et-femmes

Lè m byen analize, teknikman Ayiti poko janm soti vre nan diktati ni antre nan demokrasi vrèman depi 1986.

Ou byen se diktati militè nèt al kole : Avril, Cedras, Michel Francois alias Sweet Micky..

Ou byen se rejim militè semiotoritè : Namphy.

Ou byen se rejim sivil otoritè anakopopilis : Aristide.

Ou byen se rejim sivil semiotoritè e semidemokatik : Preval, Martelly.

Pou aparèy leta li menm mafya dwòg anvayi l depi sou Jean Claude Duvalier rive jounen jodi a. Yon mafya ki antre depi kèk tan nan kidnaping sou kouvèti leta a e ki byen konekte ak gwo otorite ki kontwole leta.

Nou tande dènye nouvèl yo konsènan kidnapin yon gwo komèsan nan Potoprens. Nan dosye sa Lapolis ap chache yon gwo pwòch pouvwa an plas la kom chèf yon rezo kidnapè ki gen anpil pyon stratejik nan aparèy leta a.

Nou mele ak leta mafya sa.

Nou mele ak bann pouvwa politik de grenn goch sa yo ki sou blof ak prensip demokratik yo e ki imoral.

Eske Ayiti kondane pou se imoral, fo demokrat blofè, mafyozo ak diktatè san wont e anba chal ki pou dirije l ?

Nouvèl Ayiti a di non !

Ayibobo pou tout sila yo k ap goumen chak nan domenn pa yo pou kaba sistèm mafya politik e finansye sa ki kidnape peyi a depi plizyè deseni.

Jou va jou vyen...

Daly Valet
Source: Facebook

  A Lire Aussi: